Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Gouvènman dominiken an fèmen fwontyè Ayiti gen ak yo nan zòn Dajabón nan

La rédaction by La rédaction
7 September 2023
in Société
0
Gouvènman dominiken an fèmen fwontyè Ayiti gen ak yo nan zòn Dajabón nan

Jan prezidan dominiken an Luis Abinader te anonse l pandan semèn nan, jodi mèkredi 6 dawout 2023 a, li pase lòd pou fèmen fwontyè Dajabón nan. Selon jounal Listín Diario desizyon sa pran akòz kèk ayisyen te deside konstui yon kanal pou jwenn dlo nan rivyè masak la.

“Si nou dwe fèmen fwontyè a n ap fè l menm jan nou konn fè sa nan plizyè lòt okasyon. Sa konsène sekirite nasyonal peyi a“, se deklarasyon sa prezidan dominiken an te fè lendi pase a, aprè l te finn anonse yo ta pral mande pou gouvènman ayisyen an kanpe travay sitwayen yo ap fè nan rivyè masak la.

Konsa, aprè okenn aksyon pa tanmen bò kote gouvènman ayisyen an pou kanpe travay yo, gouvènman dominiken an li menm deside fèmen tout pòt ki sou fwontyè a, ak tout pòt ki bay sou mache binasyonal la. Nan sans sa, plizyè kamyon machandiz, ak yon bis konpayi “Caribe Tour” bloke sou wout la depi maten mèkredi a, kote gen yon latriye militè dominiken k ap veye.

Selon sa responsab dominiken yo deklare, rezon ki fè yo pa dakò a se dèske konstriksyon kanal ayisyen yo ap fè a se nan objektif pou fè dlo pa al jwenn yo nan lòt bò fwontyè a. Konsa tou, yo fè konnen aksyon sila a rive vyole plizyè akò tankou trete pou lapè ak lamitye pou tout tan ak abitraj 1929 la, akò fwontalye 1929 la, epi pwotokòl revizyon fwontyè yo nan lane 1936 la.

Lòt rezon jounal dominiken an soulinye ankò, se ta enplikasyon 3 migran ayisyen nan lanmò yon fanmi ki te gen 4 moun ladan l nan zòn Dajabón lendi 4 septanm pase a. Pou kounya, daprè enfòmasyon yo, gen youn nan akize yo ki mouri nan echanj kout bal ak militè dominiken, alòske gen yon lòt ki sou kontwòl lapolis.

Pou sa ki gen pou wè ak twazyèm sispèk la Luis Abinader te fè konnen yo lokalize l kidonk y ap rive arete l nan yon ti tan tou kout. Pandantan sa akòz ansasinay fanmi sa, dominiken nan zòn zak la te fèt la, Partido(Dajabón), menase pou mete deyò tout migran ayisyen ki ap viv nan zòn Aminilla ak tout zòn sou kote yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 133
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Lapolis arete 2 sitwayen pou kidnapin planifye yo te rive fè sou yon tifi 11 lane

Next Post

Dosye Jovenel Moïse : Kolonbyen Alejandro Rivera plede koupab devan lajistis ameriken

La rédaction

La rédaction

Next Post
Otorite Ameriken yo transfere 4 prezime sispèk nan kad asasina prezidan Jovenel Moïse la

Dosye Jovenel Moïse : Kolonbyen Alejandro Rivera plede koupab devan lajistis ameriken

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

ADVERTISEMENT

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (69,895)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (36,842)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (29,408)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (27,720)

Nouveaux Articles

  • Rivière massacre : des Grenadières encouragent la construction du canal en Haïti
  • Ministè Agrikilti dominiken siyen akò ak pwodiktè yo pou achte tout ze y ap pwodui
  • RD: un Dominicain et 2 étrangers arrêtés pour trafic de drogue et blanchiment d’argent

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In