Atravè yon arete ki pibliye nan jounal Monitè jounen jodi madi 28 fevriye 2023 a, gouvènman defakto Ariel Henry an, fè nominasyon 8 nouvo jij anndan kou kasasyon an, selon radyo Métronome.
Uit (8) jij sila sa yo nome nan sans pou konble vid ki genyen anndan Tribinal kou kasasyon, kidonk jounen jodi a pouvwa anplas la nome : Marie Joceline Cazimir, Ketsia Charles, Frantz Drice, Maguy Florestal, Anès J. Joazéus, Louiselmé Joseph, Rameau Patrique Metellus epi Franzy Philémon, toujou selon radyo Métronome.
Pandan, n ap raple se Wo Konsèy Tranzisyon ak gouvènman defakto Ariel Henry an epi pwopoze avèk Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a nominasyon sa yo, kote yo fè chwa 8 jij sa yo nan objektif pou penmèt refonksyone piwo enstans pouvwa jidisyè nan peyi an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post