Nan klasman medya Goal.com toujou fè chak ane pou bay kiyès ki klase kòm bon jwè nan kategori fanm ak gason nan foutbòl la, ayè mèkredi 20 desanm 2023 a, yo fè konnen pou fanm yo, foutbolè ayisyèn nan Melchie Dumornay twouve l nan 16yèm plas la pou ane 2023 a. Responsab yo peze pou yo di pèfòmans li bay ane pase ak ane sa, montre tout moun li se youn nan pi bon jwè planèt la konnen.
“Melchie Dumornay se youn nan pi bon jèn jwè fanm planèt la konnen pandan tan yo la, e li te montre ane pase li pa enpòtan pou n mete mo “jèn” nan fraz sa pou li ankò“, selon deskripsyon ki anba foto atakan ekip Olenmpik Lyonè a nan klasman sila.
Konsa, pou montre tout mond la rezon ki fè Corventina se 16yèm pi bon jwè nan kategori fanm ane a, medya a soulinye lè li te nan ekip Reims la kote li te fè yon bèl sezon li te fè 11 gòl epi te bay 5 pas desizif. Yo soulinye tou, sezon li apènn ap fè nan ekip Olenmpik Lyonè(OL) a malgre li blese pou kounya, e pi gwo reyalizasyon yo peze sou li ankò se dèske yo di Melchie te ede Ayiti jwenn kalifikasyon pou koupdimond medam yo avèk 2 gòl kont seleksyon chilyèn nan.
Rachel Kundananji, Asisat Oshoala, Linda Caicedo, Tabitha Chawinga, Lauren James, Bunny Shaw, Salma Paralluelo, Kadidiatou Diani, Sam Kerr, Grace Geyoro, Aitana Bonmati, Lena Oberdorf, Mary Earps, Alex Greenwood, se lis 14 moun ki klase avan Melchie Daelle Dumornay nan lis 50 pi bon jwè fanm sa yo.
N ap fè raple, nan mwa desanm 2022 a, Jounal The Guardian te mete Corventina nan lis 100 pi bon jwez mond la. Alòske pou ane 2023 a, nan Chanpyona D1 Arkema a li te nomine kòm revelasyon ane a, li pran plizyè fwa jwez mwa nan ekip Reims ak nan aktyèl ekip li ki se Olenmpik Lyonè, e nan mwa septanm pase a li te chanpyon ak OL.
Annatandan, Federasyon Entènasyonal Istwa Foutbòl ak Estatistik(IFFHS) nomine l pou pri 2023 sa yo ki se: meyè jèn foutbolè ki gen pi piti pase 20 lane, meyè jwè ki mennen jwèt la nan mond la, ak meyè jwez fanm.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023