Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Gason yo tou konn renmen voye ti foto seksi pou chame medam yo

Mag Haiti by Mag Haiti
July 14, 2023
in Société
0
Gason yo tou konn renmen voye ti foto seksi pou chame medam yo

kontrèman ak jan kèk moun konn wè li plis nòmal pou yon fi fè foto seksi pou gason, jounen jodi a bagay yo vinn evolye paske gason yo kounya kòmanse vle plis enplike yo nan zafè seksyalite nan yon koup oubyen ak patnè seksyèl yo. Malgre sa, toujou gen gason ki pa wè yo menm ki pral fè foto seksi voye bay fi, jan yo konn mande l la, oubyen jan yon fi konn deside ba yo yon ti sipriz.

Nan relasyon fi ak gason genyen, li difisil jounen jodi a pou w pa jwenn yon koup oubyen kèk patnè seksyèl pale sou kòman yo renmen fè oubyen resevwa foto seksi. Sa yo rele “Nude” nan lang anglè a. Konsa, nan ti pale MagHaïti te fè ak kèk pratikan, yo chak fè konnen gen divès fason yon moun ka wè epi konprann “foto seksi“, se pou sa, gen kèk gason ki deside kite ego yo dèyè pou di wi yo konn pataje foto toutouni yo ak moun yo nan relasyon ak li a.

Rivelino se non yon etidyan medsin ki li menm deklare li pa gen okenn pwoblèm pou l pataje foto seksi l ak yon fi jan anpil moun konn wè sa mal la. Pou li menm, “foto seksi” se yon mwayen pou ranfòse lyen 2 moun ki ansanm. Li ale pi lwen toujou pou di li renmen siprann fi ak kèk foto konsa.

M renmen fè sa, m konn menm rive siprann zanmi m. Li konn wè l yon sèl fwa paske m aktive paramèt ki rele “Vi inik” nan konvèzasyon WhatsApp la. Moun nan konn reyaji pou l di l te bò kote moun pou m revoye foto a pou li akòz li pa t byen wè, selon sa jèn gason 27 lane a di.

Jeff li menm ki se yon jèn basketè, di li plis renmen resevwa foto seksi olye l voye ale, men sa pa anpeche l toujou fè ti foto l met la pou nenpòt lè mennaj li ta mande l oubyen l ta deside siprann li paske daprè li menm, se yon bagay ki reprezante anpil nan yon relasyon.

“Mwen fè pati gason ki renmen resevwa foto seksi anpil olye m voye pa m. Men m renmen l tou paske yo reprezante yon chedèv pou mwen, li reprezante yon pakèt bagay nan yon relasyon mwen ladan l. Sa mete plis cham, sa eksite 2 moun yo plis sitou si moun sa pap viv menm kote oubyen nan menm peyi avè w”, selon sa Jeff rakonte nou.

Poutan, pozisyon Andy diferan pa rapò ak pozisyon Rivelino ak Jeff, li menm li fè konprann li pa pran plezi nan fè foto oubyen videyo seksi, men li soulinye li konn fè foto zouti l san okenn konplikasyon, epi nan yon bat je li voye l ale.

Plizyè bagay ka entèrese medam yo lakay yon gason

Nan anpil diskisyon ki konn tanmen sou sijè sila, nou souvan tande gason ap di “foto sexy” pa vle di se foto/videyo bouboun sèlman, alòske gen kèk gason ki di tèt yo pa gen okenn kote nan kò yo ki ka entèrese yon fi si se pa koulout yo. Se menm jan an pou Andy ak Jeff, ki panse foto seksi pa gason yo dwe diferan pa rapò ak tout kote atistik kèk fi konn mete pou l fè yon foto/videyo seksi.

“Pa gen anpil bagay m jis rale l epi m klik”, daprè sa Andy deklare bò kote pa l.

“Pafwa mwen konn mete nan tèt mwen fi pap entèrese ak lòt kote pase koulout mwen, paske anpil fwa fi yo renmen gason ki gen bèl zouti. Kidonk, depi ou genyen l fi an ap toujou entèrese avè l kòm premye pati yo bon jan jwenn enterè ladan l. M konn pral benyen m jis kanpe m fè l voye bay mennaj mwen, konsa tou, m konn kouche toutouni mwen fè foto oubyen videyo voye ba li“, selon sa Jeff konfye nou.

Poutan pou Rivelino, fè foto/videyo seksi pa senp pase sa, li di li toujou ap poze tèt li kesyon pou konn kòman (sou ki ang, an koulè oubyen nwa e blan) fi a ka apresye epi renmen zèv li prepare l pou l voye ale a. Li fè konprann tou, lè l resevwa yon demann bò kote yon fi ki mande l foto sa yo, se ak tout yon santiman grandè epi fyète li akeyi nouvèl sa.

Lè konsa, etidyan medsin nan di nou depi l pral fè foto sansasyonèl sa yo li gen tout yon pwosesis li respekte. Premye bagay la, li di tèt li sa l pral fè a, nòmalman li vinn bande konsa tou, li ka gad yon videyo pòno, aprèsa li di l mete l alèz, epi l chache yon pozisyon paske l presize “nude la dwe eksitan“.

Konpreyansyon medam yo sou konpòtman gason ki pa vle bay foto

Lova, se non yon jèn fi 25 lane nou te kontre ki t ap pale ak yon lòt fi parèy li kote l t ap eksprime fristrasyon l dèske gason ki nan vi l la plis renmen resevwa foto l yo olye li menm li voye pa l tou. Pandan tout diskisyon an, jèn fi a di li renmen fè foto seksi anpil menm jan l renmen lè yon gason pran tan pou fè foto voye ba li san konplèks ni poze anpil kesyon, alòske li di se yon bagay li pa souvan jwenn.

Sou kesyon pou di se sèlman foto zouti yon gason ki konn entèrese fanm nan, Lova di pa gen bagay konsa pyès paske selon li menm, gason chaje kote nan kò yo ki ka eksite fanm.

Li parèt yon bagay ki pa nòmal lè m di yon moun fi bezwen foto seksi gason tou, paske gen moun ki di tèt yo pa gen kote ki ka plis entèrese fanm aprè koulout yon gason, tandiske chaje fason yon gason ka fè nude li pa oblije se foto zouti l pou l voye ban m chak tan. Pou moun nan fè l, se yon melanj li dwe fè, li gendwa abiye swa ak boksè oubyen ak yon jogger, pòz moun nan pran, ekspresyon kòporèl moun nan, koulè moun nan bay foto a, ak prezans moun nan met nan foto a se tout sa yo ki ka entèrese fanm.

Sou menm lanse a, yon jèn komèsan 24 lane ki pote non Ingrid Ériveaux di nou li pa gen pwoblèm ak nèg ki voye foto zouti yo ba li pou foto sansyèl paske pou li menm, se sa tou ki pral pwouve l èske nèg la dous, si l konn fè bagay, e l di se premye bagay l ap mande yon nèg li avèl. Men li soulinye, gen nèg gade kò yo sèlman gentan mete l sou sa.

https://maghaiti.net/wp-content/uploads/2023/07/Grip.mp3

Ingrid k ap eksplike kijan li renmen resevwa foto seksi mesye yo

“Gen nèg la gad kò yo sèlman li eksite w, ou gad pekto yo, tete yo li eksite w, men ou konn plis jwenn nèg yo lè yo ap voye foto seksi pou ou yo plis voye foto Baton Moise la pou ou. M pa di l pa eksitan, men dèfwa li mande klas, paske nèg la ka pral benyen li kanpe nan yon miwa li gen yon jan l fè ti foto a l voye ba ou m renmen lè yo voye l konsa. Lè konsa w ap gade tout pekto, tout achitekti kò nèg la”, se pozisyon Ingrid ki fè kwè toutotan foto a eksitan se plis l ap bay anvi pou devore moun nan.

Yon pratik ki konn gen anpil danje

Mete sou kote plezi moun pran nan pratik sa, gen gwo malè pandje ladan l tou sitou si moun nan pa gen yon sèl moun kòm patenè seksyèl. Se sa ki fè jeneralman fi kou gason toujou evite voye foto sa yo kote figi yo parèt.

Sou kesyon sa Rivelino eksplike yon foto seksi pa oblije montre figi l. “M konn derefize voye l sitou si fi a gen mari osnon ap viv nan kay ak mari l”.

Konsa tou, gen moun ki pa fè l konsa se pou evite sal imaj yo ak repitasyon yo. Nan ka sa, Ingrid fè kwè li toujou vijilan malgre li konn resevwa demand pou figi l parèt. Men li di li pito pa pran risk la paske gen malè ladan l, sitou lè n konsidere menm foto sa ka vinn kont li pi devan si ta gen dezakò kote moun ki te konn resevwa a ta deside rive nan faz “vanjans” pou l pibliye foto sa yo sou rezo sosyal yo san konsantman lòt moun nan.

Lòt danje ki genyen ankò, se lè yon fi/gason deside voye yon foto seksi pou yon moun patikilyèman epi malerezman l al jwenn yon lòt moun. Men tou, sa ka rive menm moun sa pibliye foto l san l pa konnen sou estati l oubyen sou rezo yo.

Kèk bagay fè foto seksi pote lakay kèk moun

Daprè temwanyaj Lova ak Ingrid pratik sa mennen anpil chanjman nan lavi yo, Lova sitou paske avan sa li di li pa t janm renmen kò l. Li di tou, li te toujou konn ap kite pawòl diskriminan kèk moun konn fè sou gwo kò li genyen an afekte li.

“M se yon moun ki gwo, nou konn kòman sosyete a konn ap pran plezi nan imilye moun tankou m yo, pa sèlman sa moun ki gen ti kò yo tou, men mwen depi lè m kòmanse pran gou nan fè ti foto seksi a se yon soulajman. Li aprann mwen dekouvri kò m plis, li ban m asirans, m vinn renmen kò m, fè tip foto sa yo ede m pase yon gwo etap nan lavi m ki se aksepte tèt mwen jan m ye a”.

Bò kote pa Ingrid, li mete aksan sou santiman satisfaksyon ki konn anime l paske l konfye nou “lè m fè nude m santi m bè l, m santi m atiran”.

Se menm jan an tou, Kerby ki se yon aspiran mazoterapet (moun ki konn fè masaj) fè kwè fè foto sa yo se youn nan mwayen ki pèmèt li eksprime l pi byen, li pèmèt li mete an valè tout sa l te deja renmen nan kò l tankou bouch li, koulout li, kèk mak yo rele anvi ki nan kò li elatriye. Li eksplike chak grenn detay nan foto seksi l yo voye yon mesaj diferan bay patenè li a.

Nan sans sa, Lova ki sipoze li pale pou anpil lòt fi ki pa vle pale sijè sa a deklare “moman an rive pou n retire panse ki fè konprann gason pa gen kote nan kò l ki ka eksite yon fi aprè zouti l la. Nou dwe mete nan tèt nou tou, menm jan fi ka fè l la, gason ka fè l tou, men sa mande pou moun nan kreyatif epi pou l fè patenè l la plis konfyans pou l depase baryè sa ki anpeche l la(gason an)”.

Li kontinye pou di, li lè pou sosyete a konnen tou, foto/videyo seksi/ pa oblije vle di pou fi a toutouni sèlman, ni vle di foto ak kilòt sèlman, se tout yon pwosesis, se yon kesyon sansasyon k ap travèse menm jan ak filozòf/atis Paul Valéry ki te di “yon zèv atistik ta dwe toujou aprann nou, kòman nou pa t janm wè sa nou wè kounya a”.

Achille Marie Mika

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 2,219
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Tags: AyitiFanmfè bagayFoto SeksiFoto toutouniGasonmennajNudeti zanmi
Previous Post

Rutshelle Guillaume en deuil : la chanteuse a perdu sa mère ce matin

Next Post

Kerrybens, un artiste qui tisse des liens entre ses multiples passions

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Kerrybens, un artiste qui tisse des liens entre ses multiples passions

Kerrybens, un artiste qui tisse des liens entre ses multiples passions

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,421)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,905)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,010)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,804)

Nouveaux Articles

  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out
  • « Inisyativ 24 avril 2025 » deklare aprè 7 fevriye se nan kou kasasyon nouvo dirijan peyi a ap sòti
  • Dosye Jovenel Moïse : Lakou dapèl envite Martine Moïse ak plizyè lòt pèsonalite pou tande yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?