Jounen Jodi Lendi 22 Dawout la nan yon nòt Fondasyon Je Klere mete deyò, òganizasyon an eksprime dezolasyon li sou masak 8 moun ki te fèt Samdi 20 Dawout 2022, nan Site Doudoun presizeman komin Kwadèboukè.
Madanm Josette Fils Desanclos ak 56 an, mouri ansanm avèk lòt 2 pitit fi li yo, ki se Sherood Sonjdje Desanclos ak laj 28 an epi Sarhadje Desanclos ak laj 24 an. Sila sa yo t ap reziste kont yon tantativ kidnapin bandi yo ki te chwazi vide bal sou machin yo te ye a epi mete dife sou yo tout. Anplis yon lòt machin ki te gen 2 pasajè ak 2 chofè moto ki te viktim nan dram sa, kidonk gen an total 8 moun ki pèdi lavi yo. Pastè Josué Jean Pierre ak frè Osny se idantite 2 lòt moun ki te nan machin bandi yo touye ak boule, selon rapò FJKL sou zak kriminèl sa.
Avoka Jean Simson Desanclos se non sila ki pèdi 3 moun nan masak ki pase Samdi 20 Dawout 2022, kote bandi te rive asasinen 2 pitit fi li epi madanm marye li.
Mèt Jean Simson Desanclos se manm fondatè FJKL epi sekretè konsèy Direksyon enstitisyon sa. Anplis, Sherood Sondje Desanclos, ki se pi gran pitit fi an se te etidyan nan nivo memwa nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE), malgre li t ap travay nan APN ( Autorité Portuaire Nationale), li t ap fè benevola pou FJKL, kòm responsab pwotokòl pou enstitisyon an, sitou nan gran evenman li yo.
Sarhadje Desanclos te diplome nan sekretarya kay Sè Kriswa, etidyan finisan nan lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Gonayiv epi etidyan an kontabilite Inivèsite Pòtoprens (UP).
Fondasyon Je Klere di se akoz Leta fèb ki fè bandi nan gang 400 Mawozo ka touye pitit Desanclos ak lòt moun yo ankò, kidonk krim sa pa dwe rete enpini, malgre peyi a se degrenngole l ap degrenngole chak jou pi plis epi lage nan yon deriv total. Men, li lè li tan pou n frennen wobinè san k ap koule chak jou a. Se pou Lapolis rive idantifye Sila ki kòmèt krim sa epi arete ak pini selon lalwa.
Fondasyon Je Klere pwofite voye mo senpati ak kouraj pou Mèt Jean Simson Desanclos epi fanmi lòt moun ki vik nan dram sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022