Jounen jodi vandredi 18 novanm 2022 a, Ministè Kilti ak Kominikasyon anonse Federasyon Entènasyonal Foutbòl Amatè (FIFA) bay peyi Dayiti pou li retransmèt tout match Koupdimonn lan sou chenn Televizyon li.
Gouvènman Ariel Henry remèsye tout moun nan peyi Lasuis pou rive nan peyi Kata ki te akonpanye yo atravè demann sa ki pèmèt akseptasyon sa rive fèt nan pi bon moman.
Sou lòtbò a Minis Kilti ak Kominikasyon, Emmelie Prophète Milcé «Pwofite remèsye Prezidan Federasyon FIFA M. Gianni Infantino swete tout amatè yo yon bon moman koupdimonn 2022», puiske peyi Dayiti benefisye otorizasyon pou li retransmèt match sa sou tout teritwa nasyonal la.
Radyo ak Televizyon Nasyonal Dayiti (RTNH) se enstitisyon ki gen chaj pataje li avèk lòt medya lokal yo, malgre pwoblèm gaz la poko fin rezoud nèt anndan peyi a.
N ap raple konpetisyon sa pral kòmanse 20 novanm pou rive 18 desanm 2022 nan peyi Kata ki se pral 22èm mondyal.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post