Aprè yo te fè atak sou li ayè nan lannuit 29 fevriye a, nèg ak zam rive mete dife nan sou komisarya Dèlma 3 a jodi vandredi premye mas 2024 la. Selon temwanyaj yon sous nou ka fè konfyans, polisye ki te afekte yo te gentan kite espas la avan menm endividi yo te mete dife ladan l.
“Yo boule l ra pye tè“, se sa yon abitan nan zòn nan fè n konnen pandan l presize nan moman an, bal pa t sispann chante. Nan atak sila, endividi yo te tou pwofite mete dife nan machin ki te nan espas la.
Yon lòt kote, pandan gen nan yo ki pran kontwòl sou komisarya a, plizyè lòt fè fas kare ak lapolis nan zòn penitansye Nasyonal, kote yo ap tante antre pou komèt menm zak yo. Pou kounya, pa gen pyès detay ki bay sou afwontman sila, men divès abitan fè konprann bal pa sispann tire nan zòn sou kote yo.
N ap raple, pou sèlman 2 dènye jou sa yo bandi ak zam mete dife sou 3 sou komisarya. Sa ki lakòz ta gen anviwon 5 polisye ki ta pèdi lavi yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024