Nan kad dosye lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la, Lajistis amerikèn kondane jodi vandredi premye mas 2024 la, ansyen sòlda kolonbyen Mario Antonio Palacio pou l pase rès lavi l nan prizon. Selon Miami Herald, jij ki kondane sitwayen an pa t tande youn nan pwokirè yo ki te tante fè konprann Palacio pa t janm patisipe nan gwo reyinyon konplotay ki te konn ap fèt avan zak la.
Jounal la fè konnen, jij José Martinez rive kondane Palacio malgre akize a te dakò plede koupab douvan lajistis ameriken nan mwa desanm pase a. Desizyon an pran tou, malgre avoka l la, Alfredo Izaguirre t ap tante defann li pou fè konprann kliyan li a pat konnen plan an ni l pa t nan chanm krim nan te fèt la.
Poutan, malgre kondanasyon sila Miami Herald di konsa li posib pou Palacio ta jwenn yon pi piti santans nan mwa k ap vini yo. Sa ka fèt se selon jan l pral kolabore ak selon desizyon pwokirè Andrea Goldbarg, Monica Castro ak Frank Russo ta pran.
Non ansyen sòlda kolonbyen an ajoute pou kounya nan lis 5 moun otorite jidisyè ameriken yo kondane jounen jodi a nan dosye sila. Jhon Joël Joseph, Rodolphe jarr, Alexandro Rivera se non lòt moun ki gentan jwenn santans yo pou pase tout rès lavi yo nan prizon. Pandantan sa, gen yon lòt akize ki te plede koupab e ki ap tann pèn li, alòske 5 lòt yo ta dwe yo menm jije nan mwa me k ap vini la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024