Pòtoprens, jounen 5 jen 2022 an._ Semenn sa popilasyon an vire rezo sosyal yo tèt anba pa rapò ak zak komisè polis Miragwann lan “Jean Ernest Muscadin”, ki ta fann tèt yon prezime chèf gang ki sòti nan Vilaj Dedye ki rele “Zo Pwason”. Lè lapolis te fouke Zo Pwason sou teritwa “Muscadin” ap jere a, li te toujou vivan, men aprè yon ti tan tou kout, kòmandan yo te mete dòmi nan je towo a.
Evenman sa divize peyi a an 2 pati, kote majorite moun ap bat bravo pou zak komisè a, paske yo estime bandi taye banda twòp sou bout tè Desalin te mouri kite pou nou an, poutan anfas la gen yon lòt pati k ap voye pye ki konsidere “Muscadin”pi mal pase bandi yo ak menm kondane zak sa.
Aprè gwo tole sa, komisè “Muskadin” te reyaji pou l kenbe pozisyon li: “Nou la n ap batay jou ak lanwit, sitou ak sila ki sòti Matisan ak Granravin ki te konn ap teworize popilasyon an, kidonk Nip la ap tounen simityè pou yo”. Li te kontinye pou li ajoute: “Yo kòmanse mouri, se pa jodia y ap mouri, popilasyon an resi wè videyo sa epi m pa vle nou panse se yon erè ki fèt, se pou bandi yo konnen gen moun toujou. Anplis, se pa sèl yo ki pou fè moun ap kriye, li te voye mesaj ban m epi m reponn li”.
Kidonk komisè a kanpe dan di dèyè zak li te poze a, menm jan lè ansyen prezidan “Préval” te lanse yon iltimatòm bay gang yo, pandan li te prezidan: “Nou gen 2 chwa nou dwe depoze zam yo osnon nou mouri”. Anpil moun ap sipòte komisè aprè zak gwo ponyèt sa, yo menm ba l konsèy pou li pa reponn ak konvokasyon ministè lajistis la, paske li ka pran nan konplo pandan l ap antre nan kapital la, kote se Pòtoprens ki baz sitirans bandi yo.
Yon lòt kote, gen kèk moun ak òganizasyon ki al pi lwen pou mande jistis ak repasyon pou prezime chèf gang lan ki kite baz li nan Vilaj Dedye pou l al bay panik nan komin Miragwan lan. Se nan sans sa òganizasyon k ap defann dwa moun ki rele “Fondasyon Je Klere (FJKL)”, te ekri minis jistis lan pou mande l trennen komisè Muscadin lajis epi pou li pran gwo mezi kont li pou aksyon gwo ponyèt sa epi òganizasyon an mande reparasyon pou fanmi defen an.
Woy! Pèp rezo sosyal yo fin debòde depi lè dokiman sa sòti, moun Fesbouk ak Twitè mande anraje dèyè “Marie Yolène Jean” ak tout lòt responsab Fondasyon Je Klere yo. Moun yo mande rapò sou dosye jenn fanm bandi yo te fè kadejak sou li nan mitan lari Matisan an epi tou ba li sida a, yo mande jistis ak raparasyon 12 polisye ti mesye Izo ak Zo Pwason te masakre ane pase a nan Vilaj Dedye a, moun yo mande pou òganizasyon k ap defann dwa moun yo konsantre yo sou masak ki fenk sot pase la Laplenn, kote plis pase 100 moun mouri, yo mande rapò sou yon lane gè k ap fèt nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, bon jan rapò sou masak Bèlè, sou masak mesye 400 mawozo yo ap fè sou moun Kwadèboukè yo, elatriye.
Pa bliye tou gen lòt moun ki gen pwoblèm ak komisè sa anba anba pou koze politik. Pa bliye se menm Muscadin sa ki frennen anpil bandi nan depatman Nip tankou yon towo ki te rele Federal, epi se menm komisè sa ki te arete ansyen senatè Nenel Cassy ki te panse li son towo gwonde. Anpil atak politik ap prepare la pou mete komisè a akote.
Nou menm nan MAGHAITI ki kote nou kanpe? Nou menm nou kwè nan etadedwa, nan yon nouvèl Ayiti kote moun respekte dwa moun, kote tout moun konn dwa yo ak devwa yo, kote dirijan p ap bat lestomak yo pou di yo se wa. Nou kore tout dirijan ki pa nan tete lang ak lang ak bandi tou, sesi nan respè lalwa. Si tout fwa nou nan sosyete modenn oswa demokrasi. kote enstitisyon y ap travay tout bon vre.
Lè yo fin metrize oswa arete yon moun, yo dwe mare li kou krab epi voye li devan lajistis, malgre jistis peyi a ap fonksyone tankou paswa, men nou kont egzikisyon san okenn fòm pwosè ak vèdik, tankou yon chèf tounen bouwo. kote li pran w lan, li jije w epi li fè tyas bò tèt ou. Sa se yon move egzanp ki pandye sou tèt polis nasyonal la.
Men yon lòt kote, nou konnen tout peyi gen netwayaj, tout peyi ak koupe move zèb menm si yo konnen vye zèb sa yo ap repouse. Sou ansyen prezidan Aristide te gen zewo tolerans, se yon move pratik kote espyon ap idantifye grenn 5 epi lapolis pase mete sachè nwa nan tèt yo epi tiye yo. Te gen anpil enjistis nan metòd sa, men fòk nou pa bay manti, anpil ti vòlè te al nan mawon nan vil pwovens yo, anpil te kite metye a, anpil te chanje metye epi anpil te konvèti. Men konsa tou, n ap raple nou se menm rejim “Fanmi Lavalas” sa ki te kòmanse kreye gang yo nan katye popilè yo nan distribye zam bay ti jenn pou defann pouvwa yo.
Sou Preval se te menm kout kreyon an, bandi te konn tonbe tankou grenn lapli, men epòk sa lapolis potko eklere ase pou li te nan fè foto ak videyo sou telefonn, sitou lè yo nan operasyon; teknoloji a potko avanse konsa men te toujou gen netwayaj epi ap toujou gen netwayaj.
Se sou rejim PHTK a gang yo gen tout libète sa, dirijan yo ak bandi fè yon sèl. Yon lòt kote tou, medya yo tèlman bay bandi pale, yo vin gen tèt anfle, yo panse yo se sipèsta. Chèf gang pye blanch ki rele Izo nan Vilaj Dedye tèlman alèz li lage nan fè mizik, yo rele l atis epi li popilè sou tout rezo yo. Ala de salmaza! Kidnapè, kadejakè, vole, visye, ti grangou, soufnantyou ap fè mizik pou yon pèp ki nan grangou danse.
Nou klè sou pozisyon nou, nou pa vle enjistis, si gen netwayaj k ap fèt sa dwe rete yon sekrè anndan lapolis la, men paka pa gen netwayaj. Lapolis nasyonal dwe la dwe reyaji, fòk bon jan mezi ki dwe pran pou frennen bandi yo, gang yo pa dwe dòmi kė pòpòz pandan yo kenbe yon popilasyon sou tansyon. PNH dwe trake vagabon, fòk bandi yo gen moun yo gen krentif pou yo nan plizyè komin, pandan nan menm egzèsis sa n ap respekte dwa moun epi aji an pwofesyonèl pou nou pa krache sou bon travay n ap fè a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2022