Pòtoprens jou ki te 8 dawout 2022._ Depi kèk tan gen yon ti cha blende pèp la bay non “Ti Magali” k ap mete tristès nan baz bandi yo, menm jan yo menm yo toujou ap simen latwoublay nan popilasyon an. Moun yo rele l Ti Magali pou fè referans avèk yon ansyen eslogan ki vle di yon moun ki nan tout zen, ki nan tout sòs.
Semèn ki sot pase la, ekip polisye ki anndan cha Ti Magali a te fè plizyè gwo kou nan baz chèf gang Vitelhomme kote bandi yo te al kontre bab pou bab ak machinn lagè sa ki simen bal sou yo. Rimè te menm kouri kòmkwa chèf Vitelhomme ta pran nan bal aprè li ta mouri. Enfòmasyon sa pa konfime, men gen kèk ti sòlda ki te tonbe, gen lòt ki kraze rak tankou sila ki wè lapli.
Jou ki te mèkredi 3 dawout 2022 a, Ti Magali te fè youn nan pi bèl rankont li nan komin kwadèboukè kote li t al kwaze ak chèf gang nan lokalite nan Remi ki rele Kolèg. Towo sa t ap sikile sou yon motosiklèt ak bwa dwat li ki rele Ronald, yo t ap fè sosyal nan zonn lan jan sanzave yo renmen di a ak yon gwo zam AK-47 nan men yo. Ebyen Ti Magali mete jwèt nan men yo, kote polisye yo te simen bal sou bandi yo ki mouri lapoula.
Chèf gang Kòlèg te fè pati gang 400 Mawozo kote li toujou bay zanmi li lanmò 100 jou bakòp lè li nan konba. Kolèg sa te gra tankou chat kay pap nan fè kidnapin epi brase ti malere yo nan lari a. Figi l te wòz tankou tomat anba galata nan pase krèm douko. Bandi sa yo chita bwè dlo sal konpoze nan men oungan, mare kò yo ak vye bout mouchwa sal epi yo panse yo paka pran bal.
Ebyen Ti Magali jere zen sa, li gaye won lan, Kòlèg te la li pa la ankò. Jan Jonas Gustave konn di l: “Li manje yo manje”.
Tout Samdi 6 dawout lapolis te sèkle zonn “Tè Blanch” kote Kòlèg t ap dirije a. Yo libere 6 moun bandi yo te kidnape pami yo yon blan fransè, yo sezi machin epi polisye yo kraze pou pi piti kay ki te sèvi kachèt pou kidnapin.
Men tout moun konn pozisyon nou deja sou dosye kraze kay la, nou pa dakò sa, paske pi fò kay sa yo se pou sitwayen pezib ki oblije mawon ki te zonn wouj sa yo. Lè peyi a ranje, lè lapolis fin netwaye lari a ak malfra sa yo, sitwayen yo dwe gen posibilite pou yo reprann sa ki pou yo. Lè lapolis fin pran kontwòl yon zonn, li dwe rete la pou asire l lòt gang k ap vin ranplase sa yo fenk derasinen. Osnon se lave men siye atè!
Lapolis ak lame Dayiti te fè yon lòt gwo kou ankò nan jou ki te 5 Dawout la nan depatman Latibonit komin Gwomòn ki sou wout pou ale Pòdpè, kote yo tiye 9 bandi ki t ap vide katouch sou yo, 13 lòt sanzave blese, yo libere 9 moun ki te kidnape, yo arete 3 lòt epi yo sezi 8 moto. Se wololoy! Lè sa bon di sa bon. Nou kòmanse jwenn repons nou t ap tan depi lontan an, paske li pa nòmal pou kèk santenn sivil ak zam pran plis pase 11 milyon moun an otaj.
Nou kòmanse rale yon souf, sa dwe reprezante yon gwo siyal pou nou sòti nan sa nou ye a, nou dwe pran menm mezi ak peyi Wonndiras ki lage pè las dèyè gang yo.
Lè gen ti souke kò k ap fèt tout moun ka wè sa, popilasyon an reyaji sou rezo sosyal yo. Anpil moun mete foto Ti Magali sou pwofil yo ak estati yo. Genyen ki fè pwezi pou li, genyen ki chante louwanj li, elatriye. Men sa nou dwe konprann, Ti Magali reprezante yon senbòl rezistans pou pèp la, yon pyon enpòtans nan lit kont banditis la.
Si lapolis ap fè tout jefò sa yo, jounalis ak mikwo yo dwe patisipe nan lit sa tou nan sispann bay bandi pale, sispann fè yo santi yo se lidè kominotè ki enpòtan nan zonn yo. Okontrè yo reprezante pwazon pou devlopman, yo anpeche peyi a vanse.
Nou dwe konsantre nou tou sou moun k ap founi bandi sa yo zam konsa, politisyen, komèsan ak dyaspora k ap distribiye zam nan geto yo. Se danje sosyal, nou dwe fokis sou kategori moun sa yo.
Nan sans sa n ap mande lapolis ak lajitis mache prese pou yo ba nou bon jan eksplikasyon sou dosye konntenè zam legliz Episkopal la, se pa paske nou annafè ak yon otorite moral dwe gen bouda lou nan koze sa. Sa pa dwe pase menm jan ak ankèt Jovenel Moise la, dayè tout eleman yo nan men lapolis ak lajistis deja, nou arete 2 moun enpòtan ki ta dwe denonse tout lòt yo. Nou p ap di tanpri souple, pèp la vle eksplikasyon nou dwe leve pye nou.
Sa nou dwe konprann ankò tout jefò sa yo k ap fèt la se pa konpetan gouvènman defakto konpetan konsa, dayè minis jistis la gen gwo akizasyon kidnapin yon pastè sou do l, sa ta vle di ministè jitis la reprezante an reyalite “Ministè Enjistis”. Sak pi mal la, ti granmoun ki nan tèt primati a sanble paka reyaji paske Minis Dorcé Bertho gen kèk sekrè li ka devwale. Sa rele “pwason kraze nan bouyon”, tout moun nan koripsyon, tout moun gen ti gwoup gang pa yo, men tout moun sa.
Se pa Ariel Henry k ap jwe marèl devan dèyè ak alye li yo nan Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) yo k ap byen dirije, se polisye yo ki revòlte pou jan konfrè yo ap tonbe mal anba men bandi. Si Lapolis la jwenn ase mwayen, si politik pa t ap boykote l, si yo te peye polisye yo byen epi ba yo bon jan tretman, si yo te jwenn 10 lòt Ti Magali ak materyèl pou yo travay, elatriye. Popilasyon an t ap rale yon bon jan souf. Domaj, se koze krèy elektoral k ap prepare. Parenn ak Marenn ap deplase pyon pou yo retounen vin nan kanaval gagòt la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post