Pòtoprens jou lendi ki te 10 oktòb 2022 a._ Tan pase, tan tounen, dirijan monte, dirijan desann, men se menm senkant kòb ak degouden, se toujou menm tenyen yo, menm mafya yo epi menm machann peyi a k ap opere nan tèt leta a. Ki diferans ki genyen ant rejim Lavalas la ak rejim Tèt Kale a pandan 25 lane ki sot pase la yo? Se menm istwa yo k ap repete, menm gagòt yo nan bwat leta a. Aprè yo fin toupizi pèp la, yo fin souse tout ti lèt ki te nan vant bèf la, depi bwa yo pran nan moulen yo toujou ap mande kolon blan yo vin okipe nou akoz 5 mare 7.
Jodia nou pa anvi fè okenn rapèl sou listwa okipasyon 1915 lan, kote blan Ameriken te pwofite gagòt ak move gouvènans ki te sou administrasyon Vilbrun Guillaume Sam nan, pou li te anvayi peyi Dayiti an gwo ponyèt. Nou sonje tout masak sòlda Ameriken yo te fè sou mas pèp la pandan 19 lane? Listwa pale sou tout vyolasyon dwa moun yo, anplis yo te foure men pran tout sa ki te gen valè nou yo nan peyi a, vyole fanm ak tifi, tigason epi tire sou tout moun ki t ap eseye reziste. Nou pa dwe janm bliye!
Se menm gagòt yo ki te lakoz sòlda Ameriken te retounen nan peyi a ak prezidan Jean Bertrand Aristide an 1994 an gwo ponyèt, epi tou pwofite kraze Lame Dayiti ki te reprezante yon menas pou enterè 2 pati nou sot site la yo. Sa vle di yo kraze sèl grenn sistèm defans peyi a, pandan yo t ap fòme yon polis nasyonal ki poko janm ka reponn ak egzijans popilasyon an nan domèn sekirite.
Se nòmal pou nou te abouti ak yon lòt fòs okipasyon an 2004, aprè blan fransè te vin fouke Jean Bertrand Aristide tankou krab nan palè nasyonal la, epi kite popilasyon an 2 men balanse anfas patizan Lavalas yo mele ak gang yo.
Nou sonje se nan peryòd sa Ayisyen ta pral konnen sak rele kidnapin lan epi fenomèn ki rele zonn wouj yo, sa vle di yon kote dwa moun pa respekte epi lapolis paka rantre la.
Tout deriv rejim Lavalas te fasilite sòlda Loni yo (kas ble) vin okipe nou pandan 13 long ane. Premye ploton sòlda MINUSTAH yo te pile moso tè nou an nan mwa jen 2004, epi misyon sa te fini nan mwa oktòb 2017. Rezilta yo pa te twò bèl pase sa, avan kas ble yo kite peyi a, yo ba nou kolera ki touye plis pase 9 mil ayisyen, sòlda yo gwòs anpil fanm ki te nan mizè epi ale kite yo san mwayen ak timoun yo. Nan koze sekirite se pa te anyen serye ki te regle, se te plis mache nan lari a fè moun wè, volè kabrit moun epi se al pase vakans nan gwo plaj nou yo.
Se nan sans sa popilasyon an te rele yo “TOURISTA“, paske yo te plis sou fè touris (boule lajan olye yo travay).
Pandan misyon MINISTA te nan peyi a, rejim Lavalas te kòmanse distribye zam epi enstale yon chèf gang nan chak katye popilè yo. Yo te la y ap gade nou k ap depafini. Lè rejim Tèt Kale a vin pran tèt peyi a, yo kontinye nan menm lanse distribye zam nan geto pou konsève pouvwa. Sa vle di se move aksyon dirijan yo ki lakoz nou pèdi kontwòl peyi a, vakabon ak gwo manch long ap fè lalwa.
N ap raple tou se pa ak menm bout fè wouye yo Makout yo oubyen FRAP bandi yo ap itilize kounya. Se pa menm vye bout zam 12 Lavalas te konn distribye bay ti jèn yo. Jodia ti vakabon pye blanch gen nouvo zam klere, klere, ki pi sofistike pase zam ki nan men polisye yo. Bandi ap sikile ak M14, M16 epi nan Vilaj Dedye menm gen M60 ki ka depatcha yon elikoptè.
Tout zam sa yo, pifò nouvo materyèl sofistike sa yo sòti nan peyi Lèzatazini pou rantre an Ayiti sou bato, nan gwo kanntenè ki pote machin ak djanni ak lamanjay. Nou ka konprann plizyè ti zam kalib 45 pase, men gwo zam lagè yo prèske enposib pou twonpe vijilans moun k ap travay ladwàn kay Tonton Sam yo. Nou pran nan konplo: se tankou yon manman ki bay pitit li jwe ak yon alimèt pou l fè dega, lè dife resi pran nan kay la pitit la pa gen lòt chwa, rele manman l vin sove li paske li ka boule. Sa vle di ni manman, ni pitit koupab, men manman pi mal paske se li menm ki gen bon konprann.
Se nòmal pou mesyedam nan pouvwa yo mande patwon yo vin okipe peyi a, paske yo limen yon dife yo paka etenn li. Mwa pase a yo pran desizyon monte gaz la men wotè pou kase kou manman ak papa pitit, ebyen se menm gang alye yo G9 ki anpeche gaz la sikile pou rive nan Tèminal Vare a. Aprè lanmò Jovenel, rejim Tèt Kale a divize an plizyè moso epi chak gen gang pa yo-y ap kontwole. Enterè yo pa menm ankò, aksyon yo pa menm, zak y ap fè nan lari a pa menm.
Jedi 6 oktòb ki sot pase la, aprè yon konsèy minis espesyal ki fèt sou sitiyasyon peyi a, gouvènman defakto a te fè yon demann espesyal pou kominote entènasyonal la, pou yo voye yon fòs lame pou vin ede yo touye dife yo t ap limen an depi plis pase 10 zan. Sa vle di menm moun yo ki pwovoke katastwòf la, se menm yo menm ki mande sekou epi se li ki pral benefisye èd la.
Mesyedam ki nan pouvwa yo pare pou yo itilize menm fòs sa pou defann enterè klan pa yo, pou defann yo kont soulèvman popilè yo. Men se byen konte ak mal kalkile, pa gen okenn fòs militè oubyen fòs fènwa ki ka bare pèp sa lè li an kolè!
Jodia deriv move dirijan, mete nou nan pozisyon pou nou aksepte èd militè a. Depi plis pase 2 zan gen 5 depatman ki pa konekte ak kapital a akoz bandi Matisan ki kontwole antre Sid la. Depi kèk jou bandi okipe antre Nò peyi a, timoun paka al lekòl, chomaj, moun paka al travay, moun paka jwenn gaz pou yon fonksyone, malad ap mouri nan lopital, kadav ap gate nan mòg, nèg ak zam ap antre kidnape moun lakay yo epi vyole yo douvan jou, pèp la pa kapab ankò, moun yo fatige, moun yo chimè.
Anpil di “si se yon lame blan ki ka ba nou yon sous pito yo vini, paske nou bouke“. Sa vle di moun yo nan pozisyon pou bwè dlo a menm si li pa pwòp! Sa vle di tou se yon pakèt enkonpetan, delenkan, malpouwont epi kowonpi ak diplòm ki nan tèt leta. Yo pa wè pilwen pase pwen nen yo, yo pa janm konprann konsekans vye aksyon ak move desizyon y ap pran yo.
Mesyedam Tèt Kale yo dwe mete sa nan tèt yo: “pa gen okenn militè etranje ki ka fè nou aksepte pri gaz la jan li ye la. Epi se jou k ap konte pou katchouboumbe a eklate“.
Rache manyòk anmè a se youn, kwit li se 2, manje l la se 3!
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post