Pòtoprens, jou dimanch 3 mas 2024 la._ Nou pa egare, je nou tout kale kounya a, nou konprann byen jwèt dirijan popetwèl isit yo ap jwe a. Pandan premye minis defakto a fè yon ti deplase nan peyi Kenya pou mande entènasyonal la pou leve pye l nan pwosesis voye sòlda etranje vin ede peyi Dayiti batay kont gang yo, britsoukou deblozay eklate tout kote nan peyi.
Yon sèl kou a, bandi yo atake epi mete dife nan 4 sou komisarya epi ansasinen 5 polisye ki te an sèvis sa ki fè yo pèdi lavi yo. Sa ki pi mal la, gang ki gen kontwòl anba lavil la kraze prizon Penitansye Nasyonal ayè samdi 2 mas 2024 la, sa ki lakòz plis pase 3900 prizonye sove pandan te gen 4000 moun nan prizon sa. Sa ki fè kounya la anpil gwo kriminèl libere, anpil moun ki te enplike nan lanmò ansyen prezidan Jovenel la lage, anpil kadejakè, chèf gang, machann dwòg nan lari a, elatriye .
D.A.P ki se Direksyon k ap dirije penitansye a konfime chif 3900 prizonye ki sove yo, tout sa se gras avèk gang Vilaj Dedye a ki te fè yon atak byen planifye, yo mete toutè nan tout zòn nan epi lage dwon yo nan syèl la pou yo te ka siveye aksyon polisye yo. Pou kounya, se sèlman 99 prizonye ki sou kontwòl leta, pami yo mèsenè kolobyen yo ak kèk lòt moun ki pat gen kouraj lage pye yo tou.
Tout sa yo se fòt dirijan nou yo, se fòt Ariel Henry, Frantz Elbé ak tout rès gouvènman defakto a, paske depi kèk jou te gen gwo rimè ki t ap kouri kòmkwa bandi yo ta pral kraze gran prizon an. Yo pa te pran okenn mezi pou kontrekare bandi yo, yo pa te deplwaye okenn resous pou yo te sekirize zòn nan. Bandi yo anonse zak la epi yo pase an aksyon nan boul figi yo. Sa ki pi enèvan an, se lè w ap tande mesaj vokal kote yon polisye fanm ap mande bakòp pandan y ap eseye repouse atak gang yo. Polisyè a di y ap batay depi plizyè èdtan yo pa janm ka jwenn bakòp… jiskaske tout mouri anndan sou komisarya a. Okenn moun pa demisyone, okenn moun pa revoke ni arete epi pou Frantz Elbé gen kouraj ap sòti nòt pou l ap salye memwa viktim yo, se kòm si se yon moun k ap pase pèp la nan betiz. Kijan moun yo ye menm? Kijan dirijan sa yo menm?
N ap redi sa ankò, nou pran nan konplo! Pa gen anyen ki fèt nan aksidan semèn sa, tout bagay te byen planifye pou simen latwoublay sou kapital la pandan premye minis defakto a te pral mande èd la. Jan Ariel kanpe a se tankou yon moun ki te pase nan eleksyon ki sèmante li pap pèdi yon yota nan manda li. Tout fòs etranje y ap mande a se yon fason pou ti gwoup magouyè ki sou pouvwa a rete la pou 2 ak 3 lane ankò. Pouvwa a dous, pouvwa a bèl! Mesyedam isit yo ka foure men yo tout longè nan trezò piblik la paske pa gen okenn enstitisyon pou kontwole yo. Dayè entènasyonal la ba yo aksè pou yo fè sa yo vle, paske se poupetwèl yo ye, se do ba yo mache devan blan an.
Men bat chen an tann mèt li, sa gen pou l pi mal pase dechoukay 86 la. Nou la e n ap suiv !
Sa k pi mal la, pa prèske rete okenn moun vanyan pou goumen kont anachis sa yo. Yo kenbe pèp la nan grangou, tout moun ap panse ak sa yo pral manje pou jounen an epi yon lòt pati menm ap veye imèl pou yo kite peyi a nan kad pwogram imanitè Biden nan. Gen yon lòt kategori moun sankoutcha, ki prefere fè zen, fè eskandal sou rezo sosyal yo, atake tout moun oubyen souke bouda yo ak kilòt pou fè degouden. Peyi a fini, nou pèdi tout moralite nou !
Dezolasyon blayi tout kote, pa gen moun pou ki panse pou pèp la ankò. Mwa pase yo nou te pran nan 2 revolisyonè bò katedral, yon machann dwòg ak yon ti blofè pwofesyonèl. Lòt la poko menm kite prizon kay Tonton sam pou blanchiman lajan ak trafik dwòg, ou tande li te gentan pral fè revolisyon. Nan bay pèp la chèn, li mete ajan BSAP yo devan al mouri pou granmesi. Depi lè sa, se sou rezo yo Ti Guy ap mennen batay la! Ala revolisyon fasil papa!
Nou menm nou klè sou pozisyon nou, Guy Philippe se yon chèf gang menm jan ak Babekyou, Ti Lapli, Izo, Krisla… Dayè aprè gwo mouvman li te fin fè an 2004 kont gouvènman Aristide la, li te tounen nan komin Pestèl epi ale bay popilasyon sivil la gwo zam lagè. Se youn nan pi gwo gang ki egziste nan depatman Grandans la. Lè Guy santi yo ka mare l tankou krab, li kouri al nan eleksyon pou senatè pou l te ka jwenn iminite. Yon moun konsa paka tounen kòm sovè pèp la.
Pou Moise Jean Charles nou pap di twòp bagay, paske pèp la bouke ak fo pwomès li yo, li pa janm ateri, li pa janm pwopoze yon bon plan pou li ta demake li nan foul la. Se toujou menm bagay yo, manifestasyon, pran gaz epi anyen serye. Dayè listwa ap kenbe non Moise Jean Charles kòm yon politisyen kreten ki jwenn yon enfòmasyon enpòtan (nan men yon sèvis espyonaj), olye pou l te mete estrateji atè pou l te fòse ansyen prezidan Martelly demisyone, li te prefere fè eskandal ki pa te itil nou anyen.
Jan yon zanmi te di sou Fesbouk, pa gen okenn lidè serye atè a. Yo ba nou chwa ant kowona ak kolera, nenpòt jan an pèp la ap viktim. Se nou ki pou pran desten nou nan men nou.
Nou te kòmanse yon mouvman Bwa Kale, nou kite pwogram Biden nan demotive nou. Sof sa nou dwe konnen, nou tout pap ka pati, fòk nou kontinye goumen pou sa ki pa gen vizyon. Kapital la ak kèk lòt komin tonbe sou kontwòl bandi yo ; èske n ap pèdi tout lòt tèritwa yo youn aprè lòt ?
Se nou ki pou deside, pale vit, pale cho !
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024