Pòtoprens, jou dimanch 10 septanm 2023 a._ Jan sa te prevwa depi kèk mwa avan gwo deblozay yo nan kapital la, ministè ledikasyon nasyonal la toujou kanpe sou desizyon l pou li louvri lekòl demen lendi 11 septanm nan, nan peyi Dayiti. Se tankou dirijan isit pap viv isit, yo pa konprann anyen nan anyen, yo bouche zòrèy yo, fèmen je yo epi zipe bouch yo pou yo pa pale nan kalamite pèp la.
Fòk minis defakto Nesmy Manigat ta mete tout moun chita pou eksplike yo estrateji pou yo voye timoun yo lekòl anba van laperèz sa ki plane sou peyi Dayiti a. Fòk li ta eksplike tou, kijan yon paran pral fè gen kè pou li mete inifòm sou pitit li epi voye li al tonbe anba bal bandi nan lari tèt anba sa. Moun yo lakay yo y ap pran bal mawon, nou pa menm bezwen pale pou ti lèzanj yo ki pral travèse VAR yo pou al pran ti moso ledikasyon.
Ki gwo mezi gouvènman defakto a pran pou garanti sekirite timoun ki ta sipoze ale lekòl yo demen 11 septanm nan? Jiskaprezan nou ka di anyen poko fèt, tout moun kanpe an fo pwofèt tankou Emmelie Prophète, Yon gwo fanm sèvo ki sanble rabi nan koripsyon. Madanm sa tout moun t ap vann nou kòm youn nan pi gwo entèlektyèl ayisyen aktyèlman, enbyen depi kèk mwa li pran tèt ministè entèryè ak ministè kilti ak kominikasyon li pa regle anyen! Li pito kanpe an espektatè, li pa menm leve ti dwèt li pou l ta soulaje soufrans pèp la. Tout moun konnen ministè entèryè se youn nan bwat leta k ap bwase anpil lajan pou jere gang yo pou kontwole zòn yo. Ministè enteryè tou gen gwo lajan pou jere koze siveye ak rapòte nan peyi a, men tout lajan sa yo fè chimen kochi.
Emmelie Prophète se dezyèm moun ki gen plis pouvwa nan gouvènman defakto sa aprè Ariel Henry. Kidonk, se pa pèsekite n ap pèsekite li si nou pale de li nan prèske chak editoryal nou ekri, men se wòl nou n ap jwe kòm medya pou nou mete presyon sou moun k ap gaspiye lajan leta a, kote pitit sòyèt menm ap viv nan mal site. Kòm moun ki gen bon jan ledikasyon, madanm Prophète ta sipoze sèvi ak plim li epi savwa li pou chanje kondisyon moun yo, goumen pou timoun jwenn moso ledikasyon tou… men li menm li deside kanpe nan kan bandi legal yo.
Nou mete ni minis Nesmy Manigat ni minis Emmelie Prophète nan menm panye epi nou trete yo kòm entèlektyèl pachiman, paske moun ki gen bon konprann vre patap janm dakò fè pati asosiyasyon malfektè sa yo k ap dirije peyi a. Epi kisa nou te atann nan men 2 moun sa yo ki te fè pati tout vèsyon PHTK yo? Se rejim sa menm ki fini ak ti rès espwa nou yo! Si 2 dirijan sa yo bezwen wè kijan pèp la konsidere yo, nou konseye yo relouvri espas pou moun fè kòmantè anba paj yo sou rezo sosyal yo. Pa fè lach!
Epi kot lajan pwogram PSUGO a, kote leta toujou pran $1.50 sou chak transfè lajan ki fèt an Ayiti pou fasilite timoun ale lekòl? An bon fransè yo rele taks sa « programme de scolarisation universelle gratuite et obligatoire (PSUGO) », depi nan mwa jen 2011 leta ayisyen ap ransonen dyaspora yo chak fwa y ap fè transfè voye nan peyi yo pou plen pòch yo.
Daprè yon rapò Bank Santral (BRH), leta ayisyen te rive kolekte plis pase 224 milyon dola ameriken gras ak pwogram sa, sòti mwa jen 2011 pou rive mwa mas 2022. Sa vle di, sou yon total 149 513 271 transfè, leta ranmase $224 269 906. Pèsòn paka konnen ki gwoup moun k ap jere lajan sa yo, malgre gen yon lwa nan palman an ki te vote nan lane 2017 ki rele « Fon Nasyonal pou Ledikasyon ». Nou sonje valè eskandal ki te eklate nan dosye sa, valè akizasyon koripsyon ki te tonbe sou do dirijan yo, mesyedam sa yo te monte yon rezo fo lekòl sou papye pou te souse manmèl bèf la. Menm ministè ekonomi ak finans di yo pa gen kontwòl lajan sa. Pat tout moun te grese sof timoun lekòl yo, alon vye PHTK sa papa! Papa chat la kreye yon platfòm menm lè li pa prezan l ap brase a distans. Se sa ki rele bandi legal la!
Pandantan sa, Kafoufèy tonbe anba men bandi Gran Ravin yo ak alye li yo. Sa vle di plizyè dizèn milye moun kouri kite zòn sa menm jan sa te fèt pou Matisan, Fontamara, Bèlè, anba lavil, solino, Kwadèboukè, Site Solèy… elatriye. Anpil zòn kangrennen, jan minis jistis la te di a, sa yo se yon bann zòn ki pèdi paske leta pa gen okenn kapasite pou repran kontwòl yo. Dirijan yo plis sanble gen misyon pou yo apiye gang yo pou yo ka desantralize zòn metwopolitèn nan, nan nenpòt ki fason. Malgre tout sa yo, wo kòmandman PNH la kè pòpòz, okontrè DG lapolis Frantz Elbé se postè l ap fè sou paj ministè kominikasyon, ak longvi li nan zye li, l ap fè teyat.
Pou kounya gen 3 gwo depatman nan peyi a ki se Lwès, Latibonit ak Nòdwès ki paralize akòz aktivite gang yo. Gen anpil lekòl ki te oblije louvri pòt yo pou resevwa refijye yo, nou paka leve yon bon maten pou nou mete moun sa yo deyò epi voye yo retounen al jwenn bandi san fwa ni lwa yo. Rantre lekòl la dwe byen planifye, epi fòk kondisyon yo reyini pou timoun yo ka ale lekòl.
Nou menm nou kwè nan ledikasyon, nou kwè nan lajenès la paske se yo ki reprezante espwa peyi a, men jan bagay la ye la nou paka ankouraje paran yo voye pitit yo nan labatwa. Vil yo pyeje, zòn yo make san, bandi yo kanpe an mèt e seyè epi dirijan yo kanpe an espektatè. Nou pa dakò ak koze lekòl tipa tipa sa, nou pa kore lojik lekòl seleksyon sa. Tout lekòl dwe louvri an menm tan epi suiv menm pwogram paske se menm egzamen yo yo tout ap jwenn.
Alòs, n ap di paran yo pran pasyans epi frape pye nou atè a pou nou fè presyon sou politisyen sa yo ak bandi ki pran peyi a an otaj. Wi nou vle timoun yo jwenn bon jan ledikasyon, men nou paka voye yo tonbe anba bal sanzave yo tou. Nou nan yon enpas, men se nou ki poko vle sòti paske pa gen anyen ki kenbe Ariel Henry ak akolit li yo sou pouvwa a, sof kèk grenn polisye k ap ba yo sekirite pou yon ti monnen anplis.
Nou pa dakò pou dirijan demagòg sa yo ap vin divize jenès la jan sa te fèt pou ansyen jenerasyon yo. Yon sèl peyi, yon sèl pèp, yon sèl jenès!
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023