• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Thursday, March 23, 2023
  • Login
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Éditorial

Editoryal: Kisa moun yo rele depo kidnapin lan?

Mag Haiti by Mag Haiti
19 June 2022
in Éditorial
0
0
SHARES
108
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

Depi kèk lane fenomèn ensekirite pran yon lòt nivo nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, men 2 dènye lane sa yo, li vin pirèd akoz kidnapin nan kenbe popilasyon an nan gòj.

N ap fe tout moun sonje kidnapin lan te kòmanse an penpan aprè koudeta ansyen prezidan Aristide te pran jou ki te 29 fevriye 2004, nan zòn Bèlè ki te reprezante youn nan pi gwo baz rejim Fanmi Lavalas nan epòk sa. Lè sa bandi ak zam te deklanche yon operasyon ki te rele “Bagdad”, kote plizyè santèn moun te mouri pami yo yon senkantèn polisye.

Operasyon sa te tèlman sakaje peyi a kote ansyen Direktè Jeneral lapolis Nasyonal Dayiti a Léon Charles, te oblije remèt demisyon li aprè 16 mwa nan tèt PNH la akoz li pa te ka bay rezilta. Nan menm operasyon sa tou, bandi yo te kòmanse leve moun al sere nan baz yo aprè sa pou yo mande fanmi yo gwo lajan pou lage yo.

Depi lè sa kidnapin lan fè chimen li ak tounen yon kansè, poutan okenn enstitisyon nan peyi a paka kanpe li. Li vin tounen yon zam politik yo ka itilize li kont nenpòt gwoup moun nenpòt kilè.

Men depi sou rejim PHTK #2 a, kidnapin lan vin pran yon lòt volim, bandi ak kostim epi bandi pye blanch kenbe popilasyon an otaj. Anpil moun bezwen byen pase ak bezwen viv nan liks san yo pa travay. Jounen jodia si yon ayisyen p ap viv Ayiti, lè l ta deside rantre nan peyi l pou li vin pran yon ti repo, pwòp zanmi li ak fanmi li ap konseye l pa rantre osinon kèk nan yo ka fè yon kout dwèt pou fè sere l yon kote jis pou yo ka dekapitalize li. Bagay la grav !

Men kisa ki rele depo kidnapin lan?

Yon depo pou kidnapin se yon baz lapolis paka antre ladan li, sa vle di yon kote se bandi k ap kontwole l epi taye banda jan yo vle. Se sa yo rele “zòn wouj” nan langaj lapolis. Lè yon lòt gwoup moun fin fè yon kidnapin, yo vin negosye ak mèt baz sa pou kenbe viktim lan annatandan yo fòse pwòch li bay sòm lajan pou yo libere li.

Selon kèk moun yo te kidnape, 2 gwoup bandi yo ka negosye sou yon pousantaj oubyen yon montan lajan byen presi pou yon ti tan tou kout osinon w ap peye gwo entèrè pou moun ou bay kenbe a! Ensditri sa fonksyone kòm yon plàn, paske li rapòte yo anpil lajan.

Vilaj Dedye gen youn nan pi gwo depo kidnapin nan peyi a. Daprè plizyè viktim lòt gwoup bandi te kidnape epi al depoze nan baz chèf gang Izo a, rezo kidnapin sa pi byen fonksyone ak menm pi byen planifye pase leta ki swadizan ap dirije peyi a.

Gen yon gwoup fanm ki la pou prepare manje bay otaj yo, gen 2 oubyen 3 bouwo ki la pou siveye yo, 24 trè tan pa jou kote youn ranplase lòt lè yo fatige. Chèf gang yo la pou vin fè maketin ak negosye ak lòt gang yo, puiske se yon plàn yo genyen.

Kòm lapolis gen je brake sou gang “5 segonn” ki nan Vilaj Dedye a epi yo nan gè ak lòt gang parèy yo ki rele “Baz Pilat” la, bandi Vilaj yo pa pran lari souvan, se rete nan twou yo pou y ap pran plezi yo (Fè mizik epi antre lajan ak plàn kidnapin lan). Fòk nou di se selon viktim yo ki te viv evenman yo, sila yo pa maltrete ni fè kadejak sou moun ki nan plàn yo. Kòm machandiz la pa pou yo, se peye yo peye pou yo veye yo sèlman.

Kidonk, jan n ap konstate li la se tankou nou te retounen nan epòk lesklavajis, kote kolon yo te konn lote gran paran nou yo tankou patat. Pa gen okenn difirans ant listwa ak reyalite n ap viv nan jou sa yo, moun lan ka fè w sa li vle, li ka mande kòb li vle sou tèt ou paske, ou se machandiz li epi li rache sak pi enpòtan an ki se libète pou w sikite epi pale jan w vle.

Jodia kidnapin lan pa gen mèt, tout gwoup moun ki anvi rive vit ka deside antre nan aktivite kriminèl sa. Nenpòt gwoup moun ki gen move entansyon ka antre nan biznis sa: yon ansyen palmantè ki te kenbe gwo zam leta te ba li, oubyen yon ansyen majistra, yon ansyen minis, elatriye, sitou si w se atache yon rejim, tankou moun yo rele bandi legal yo oubyen chimè, yon gwoup polisye kowonpi, yon gwoup bandi ki bezwen achte zam ak minisyon.

Konsa tou, nou ka jwenn yon gwoup sivil ki razè ki mete tèt yo ansanm pou yo kidnape yon kòlèg travay yo, yon fanmi oubyen yon zanmi yo estime ki gen ti mwayen. Osinon, li ka yon ti mennaj ki nan yon relasyon anmourez ak yon lòt epi li konplote fè kidnape li. Se nan menm ka sa ti lèzanj ki rele Evelyne Sincère te jwenn lanmò li. Paske, mennaj li Obed Joseph te panse papa l demwazèl la te gen lajan vre, jan li te fè l panse a.

Gen otokidnapin tou, moun ki mare konplo ak zanmi oswa lòt moun nan objektif pou yo fè lajan sou pwòch yo nan fasilite ak san moralite.

Sa nou dwe konprann tou, nou nan yon kontèks elektoral tout moun ap prepare yo pou y al nan eleksyon. Peyi a pa gen lajan, klas mwayèn lan dekapitalize, pifò moun nou rele boujwa yo oblije fèmen biznis yo pou yo kite peyi a.

Anpil polisye ak ansyen dirijan ak gang epi nèg ki anvi pran pouvwa ap fè kidnapin pou sere lajan akoz y ap prepare eleksyon yo. Se plis gwoup moun sa yo menm ki preske itilize pi plis depo kidnapin yo, selon opinyon moun k ap suiv dosye sa.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,691
Previous Post

L’entretien des canaux ne dépend pas de la mairie des Gonaïves, selon la Mairesse assesseuse

Next Post

Jonas Gustave: premye moun ki te kòmanse konbat enfliyans bandi yo sou rezo yo

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti est un média en ligne qui a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post

Jonas Gustave: premye moun ki te kòmanse konbat enfliyans bandi yo sou rezo yo

Discussion about this post

Suivez-nous

Articles populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • « Il est impossible d’éduquer un peuple dans une langue qu’il ne parle pas », dixit Michel DeGraff

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2021

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Une erreur de la DCPJ affecte gravement la vie du professeur Auriole Antoine

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Blondedy Ferdinand : accusée d’avoir volée la chanson de Karol G

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

A propos

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production. La société a pour mission de former et d’informer la population. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, nous avons pour objectif essentiel de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Recent News

Komisè Ernest Muscadin deklare toutotan l la l ap toujou kanpe kont bandi

Komisè Ernest Muscadin deklare toutotan l la l ap toujou kanpe kont bandi

23 March 2023
Endividi ak zam kidnape mèt Ikenson Edumé nan komin Petyonvil

Endividi ak zam kidnape mèt Ikenson Edumé nan komin Petyonvil

23 March 2023
Nèg ak zam asasine youn nan chofè Direktè Jeneral Aryopò Nasyonal la Yves Ducarmel

Nèg ak zam asasine youn nan chofè Direktè Jeneral Aryopò Nasyonal la Yves Ducarmel

23 March 2023

RSS T-check Haiti

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert
  • Désintox : non, La Cour suprême des États-Unis n’a pas annulé la vaccination universelle
  • Désintox: pas de preuve pour certifier que Robert Harry Bretous est toujours vivant
  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2022

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2022

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In