Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Éditorial

Editoryal: batay la rebalanse nan mitan gang yo, vwazen an sispèk sipèk!

Mag Haiti by Mag Haiti
October 2, 2023
in Éditorial
0
Editoryal: batay la rebalanse nan mitan gang yo, vwazen an sispèk sipèk!

Pòtoprens, jou dimanch premye oktòb 2023 a._ Pandan tout mwa septanm nan se dosye kanal Ayiti ap konstui a ki dòmine aktyalite a sou zile a. Gouvènman dominiken an move kou kong paske yo estime Ayiti vyole akò 20 fevriye 1929 ki te di aklè “okenn nan 2 peyi sa yo paka anpeche rivyè a koule avèk vitès ni gen lide chanje direksyon natirèl dlo a, men yo ka itilize l nan fason yo ka favorize ekilib epi itilizasyon resous natirèl sa pi byen”.

Depi jou peyizan Wanament yo te pran desizyon sa pou yo kontinye travay nan rivyè masak la ki pase nan tou 2 peyi yo, Prezidan Sendomeng nan Luis Abinader pran yon pakèt mezi gwo ponyèt tankou fèmen bò fwontyè pa peyi li yo, dèpòte ayisyen pa pil pa pakèt epi vire lang li nan tout reyinyon kominote entènasyonal yo pou fè presyon pou kanpe kanal la. Li menm fè reyaktive yon ansyen kanal nan peyi Sendomeng yo te fèmen paske yo te estime li reprezante yon menas pou pwovoke inondasyon nan zòn nan. Men, malgre tout presyon sa yo, Ayisyen kanpe dan di kote yo fè yon kokenn chèn solidarite pou abouti ak objektif la, ki se bati yon kanal ki pral wouze 3000 ekta tè pou pwodui manje pou pèp la.

Se wololoy, se gwo koze, anpil bèl imaj ap sikile sou rezo sosyal yo, aktè, mizisyen, foutbolè, ak anpil lòt politisyen ak enfliyansè ayisyen pote kole nan kad gwo pwojè sa. Gen yon jounalis dominiken ki menm mande Abinader an dirèk, kisa li konte fè puiske ayisyen yo pa deside kanpe sou desizyon yo, epi di se premye fwa li wè nou solidè konsa nan yon koz. Zandolit la pran kalòt la mezi figi l! Abinader vire tankou toupi avan li reponn kesyon sa.

Men sa ki pi etone nou nan MagHaiti, se reyaksyon gang yo pa rapò ak dosye sa k ap danse laloz pou yo ka fè divèsyon pou retire fokis la sou kanal la. Nan yon premye tan yo te pwopoze pou yo rejwenn pèp la nan koz la epi pwopoze pou nou viv ansanm. Lè bandi yo gade yo wè estrateji sa pa mache, yon sèl kou tout zòn ki sou kontwòl yo pete goumen youn ak lòt epi lage popilasyon an nan kouri ankò. Sa vin fè nou wè klè nan dosye ensekirite a Ayiti a, vwazen an sanble pa inosan.  Fwontyè a ki fèmen an pa nan avantaj bandi yo paske se la yo fè machandiz yo pase. Sa vle di komès zam ak bal, dil dwòg, twafik ògan, twafik moun, vòlò machin… tout aktivite sa yo paralize epi gwo bawon nan rejyon an ap mete presyon.

Nan fouye zo nan kalalou, nou vin konprann gen politisyen dominiken, gwo biznisman nan panyòl ak lòt gwoup moun ki nan move zafè k ap finanse vyolans la an Ayiti paske sitiyasyon kawo a bon pou yo. Lè pi fò wout yo bloke peyizan paka pase ak machandiz yo pou vin vann yo nan zòn metwopolitèn nan Pòtoprens la, epoutan gwo trelè ki chaje manje ki sot kay vwazen ka pase kè pòpòz sou wout sa yo. Ou pa janm tande bandi detounen yon konvwa kamyon ki gen machandiz dominiken yo ak pa boujwazi mafya a. Se toujou machandiz ayisyen ki sòti nan ansyen klas moyèn nan k ap pran frap, yo dekapitalize tout ayisyen ki anvi fè efò nan peyi a.

An nou analize espas jewografi a byen! Team asansè (gang Gran Ravin nan) gen kòm alye gang 5 segond nan (Vilaj Dedye) fè lapè ak gang Tibwa a kote yo pwofite separe tout resèt yo sou wout Matisan an. N ap raple nou wout Matisan an ki nan antre sid peyi a, sèvi pasaj pou konekte depatman Lwès ak Grandans, Sid, Sidès ak Nip. Yon kamyon machandiz k ap sòti nan depatman Nò, Nòdwès, Nòdès, Latibonit ak Sant dwe pase nan Lwès (wout Matisan an) pou tonbe nan lòt 4 depatman yo.

Wout matisan an paralize, gen yon bò laria ki gen yon gwo dlo ladan l ak fatra, machin paka pase la. Lòt bò a, bandi yo tabli katye jeneral yo la, ou paka pase san ou pa peye 2 fwa, premye baraj la nan Matisan se gang Vilaj ak Gran Ravin k ap ransonnen moun, tandiske nan dezyèm baraj la se gang Tibwa k ap fè resèt nan Fontamara.

Pou moun k ap sòti nan lòt depatman yo ki vle ale nan gran Nò a (Nò, Nòdwès, Nòdès) yo gen pou fè fas kare ak gang Jeff Larose nan blòk Kanaran ak Titanyen. Si w ap pase ak machandiz w ap peye gwo lajan konsa, epi detanzantan yo kidnape bis ak machin prive nan zòn sa tou.

Si yon moun deside al nan depatman Latibonit oubyen nan Nòdès, li ka rankontre ak gang Savyen an oubyen yon lòt gwoup ki rele “Kokorat san Ras”. Nan tout komin Kwadèboukè a ak zòn fwontyè Malpas yo, se gang “400 mawozo” ki kontwole li. Gang “chen mechan” li menm kontwole yon gwo pati nan laplèn e li toujou nan goumen ak 400 mawozo pou teritwa. Gang Kraze Baryè Vitelòm ap dirije a nan bò pa l, gen kontwòl yon pati nan Petyonvil, wo Dèlma ak Taba.

Pou komin Site Solèy se bagay tèt chaje nèt, gen 32 blòk men chak grenn gen yon chèf k ap dirije epi chak gang ap eseye pran teritwa lòt kan yo. Se yon batay san parèy ant 2 federasyon gang ki rele G9 ak G-Pèp.

Sa vle di se yon rezo ki byen kontwole pou bandi yo brase lajan sal san kè sote. Fas ak gwo menas sa yo, lapolis la vin parèt enpuisan tèlman gang yo pouse tankou djondjon. Nou fini pa konprann tou, gwo katèl dwòg yo itilize rezo bandi yo epi sèvi ak Ayiti kòm pi gwo kanal pou distribiye dwòg ak fè trafik ògan nan tout Amerik la. Se pa pou san rezon Etazini fenk ajoute Sendomeng nan lis peyi k ap pase plis dwòg nan zòn nan menm jan ak Ayiti.

Nan lannwit 26 septanm ki sot pase a, yo leve jwenn kadav chèf gang Tyson ak 5 lòt sòlda li k ap benyen nan san yo. Tyson ki se te yon manb federasyon gang « G9 an fanmi e alye” t ap dirije zòn nan Rakèt, Tebo SA, Acierie D’Haiti, kafou Douya ak kafou Vincent, epi li te yon lyetnan chèf gang Matyas k ap dirije nan Boston (Site Solèy). Depi jou sa batay la rebalanse nan mitan manb G9 yo, anpil kout bal ap tire nan site solèy ak laplèn ki vin lakòz yon van panik lakay popilasyon.

Gen rimè ki vle fè kwè se chèf gang Matyas menm ki fè tire Tyson paske li pa vle mache sou lòd li ankò, men lè nou fouye plis nou jwenn gen pawòl k ap pale kòmkwa se yon kagezon dwòg Tyson ta sezi ki lakòz li ta mouri. Epi yon pati nan G9 ta akize chèf gang Chen Mechan ki se zanmi Tyson kòm trèt ki ta pran nan machandiz la tou. Se poutèt sa, tout zòn nan laplèn ki sou kontwòl chen an bloke, gang Kanaran an ki gen kòm alye gang 5 segond lan, 400 Mawozo ak gang Vitelòm nan mete ansanm pou chase Chen Mechan. Matyas reklame tèt chen an pou semèn sa.

Yon lòt kote, chèf gang Izo 5 segond lage yon videyo pou li di sa k ap pase komin Sodo a se paske moun zòn nan vòlè machandiz li pandan yo t ap pase, li fè konnen Sodo pa gen okenn baz gang menm jan ak lòt zòn yo li p ap tolere zak sa. Se pou rezon sa sòlda Izo yo ap matirize moun Sodo konsa, y ap fouye kay yo youn pa youn pou yo jwenn machandiz yo pèdi a. Nou konprann byen Izo pran nan kraponnay, paske lè ou se moun ki responsab pasaj depi machandiz la pèdi se ou menm k ap peye sa. Li fè ti videyo a pou li pwouve gwo bawon yo se pa li ki vòlè machandiz la, se pa li menm ki vòlè ti poud la.

Kòm rezime nou fini pa konprann se pa koze eleksyon sèlman ki kòz bandi yo ap mache kontwole teritwa konsa, rezo gang yo gen plis objektif epi yo byen òganize tankou nenpòt enstitisyon. Tout sa k ap pase nan peyi a konekte youn ak lòt, fwontyè ki fèmen an pa nan avantaj bandi yo paske sa paralize aktivite magouy yo. Epi gen gwo zèl kat k ap jwe kay vwazen an tou pou fwontyè a ka relouvri, se pa pou san rezon jounalis dominiken an te fè apèl ak Jimmy Chérisier alyas Babekyou pou te fè kanpe pwojè kannal la.

Antouka timoun li, granmoun konprann! Kannal la p ap kanpe (KPK)!

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 4,721
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Tags: Ariel HenryAyitiBabekyouBandiBarbecuedil dwògGran RavinIzo 5 segondJeff KanaranJimmy CherisierKanalkomès zam ak balKPKKrislaLuis AbinaderSendomengTi Laplitwafik mountwafik òganVilaj DedyeVitelomWanament
Previous Post

Rivière massacre : des Grenadières encouragent la construction du canal en Haïti

Next Post

Nasyonzini vote pou yon fòs militè vin mete lòd an Ayiti

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Nasyonzini vote pou yon fòs militè vin mete lòd an Ayiti

Nasyonzini vote pou yon fòs militè vin mete lòd an Ayiti

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,974)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,790)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,848)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,678)

Nouveaux Articles

  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo
  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?