Pòtoprens, jounen 12 jen 2022 an._ Depi kèk jou rimè ap kouri sou rezo sosyal yo, kòmkwa Helen Meagher La Lime ki se reprezantan Nasyonzini an Ayiti ta rantre nan kad negosyasyon ak ansyen prezidan Aristide pou yo mete l nan tèt yon gouvènman tranzisyon.
Daprè menm bri kouri sa, gentan gen plis ajan sekirite nan antouraj Aristide ki rete nan komin Taba a, yon fason pou yo prepare aksyon gwo ponyèt la. Men tout moun gentan konprann jwèt La Lime lan!
Mwa ki sot pase a, nou te aplodi byen fò ankèt jounal Ameriken an ki rele “New York Times”, te fè sou fason peyi Lafrans te fòse Ayiti ba li yon gwo sòm lajan, nan objektif pou dedomaje ansyen mèt esklav yo. Se yon gwo travay ki pran anpil tan, ki mande anpil kouraj epi atitid pwofesyonèl. Men, nou te gentan konprann pati kote jounal la t ap fè elòj pou ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide la, pati sa nou te mete l ak kote, nou pa te pale sou li. Paske, nou te konprann manipalasyon an.
Gwo peyi sa yo pa janm fè moun kado, yo toujou gen yon plan ki kache dèyè chak aksyon. Poukisa se kounye a medya a sòti atik sa? Sa se yon gwo kesyon, nou petèt pako gen repons pou yo, men nou gran timoun epi nou konprann se yon bon moman pou Lèzetazini mete peyi Lafrans a kote pou l mete moun pa li ki pral defann li nan gwo somè diplomatik yo.
Yon moun ki te toujou alye li pandan 30 lane ki sot pase la yo. Pa bliye aprè premye koudeta 1991 lan, se te Ameriken ki te mennen retounen Aristide an gwo ponyèt an 1994, epi tou kraze Lame Dayiti, yon fason pou pa gen okenn barikad pou ti pè a.
Pa bliye tou peyi loksidan yo gen yon fason yo fonksyone, yo toujou ap kore yon lidè ki gen men sal, yon fason pou yo met pye sou kou li.
Nou pa janm konnen ki antant Aristide te jwenn ak Lèzetazini pou li te tounen jan sa te fèt avan. Gen moun ki di, se zile Latòti li te vann, konsa tou gen lòt ki di se ti rès resous ki anba tè nou yo li vann, gen lòt menm ki di se yon baboukèt yo li genyen sou plan diplomatik pou li siyen tout sa yo mande.
Sou dezyèm manda Jean Bertrand Aristide la, òganizasyon k ap defann dwa moun te toujou ap denonse relasyon rejim Lavalas te genyen ak moun k ap vann dwòg, kòmkwa gwo bawon sa yo ta konn peye lapolis epi kite komisyon pou palè nasyonal aprè chak tranzaksyon. Poutan, menm rejim Lavalas sa te konn brase ak machann dwòg sa yo, alòske li te konn livre yo bay blan Ameriken tout tan, tankou lè Jida te livre Jezi a.
Dayè ti pè a gen menm tanperan ak zansèt nou Alexandre Pétion, l ap fin fè touye w epi li se premye moun k ap vin kriye nan antèman w.
Gwo akizasyon te konn peze sou Aristide, akoz depi l fin sèvi ak machann dwòg yo, li fè yo finanse leta, fè yo konstrui plas piblik, mache ak wout, elatriye. Depi yo kòmanse ap bay ratman, li livre yo bay blan je vèt yo.
Ansyen prezidan Aristide te gen menm tanperaman ak fondatè Nasyon an tou, Jean Jacques Desalin , lè li te konn di : “Plimen poul la, pa kite l rele“. Sou rejim Lavalas la, zak koripsyon te rive nan yon nivo enpinite, kote moun ki t ap travay nan leta te konn ap fè bale wouze jan yo vle nan kès leta a.
Tout ti vòlè kabrit te gen chans pou yo depite, senatè ak majistra. Yo te konn di y ap bay tout moun chans yo, moun ki sot anwo ,moun ki sot anba ni moun lavil ni moun nan bouk. Men se pa te janm sa vre, se zafè koripsyon ki t ap regle, kote rejim Lavalas la te triye tout kòkòday li nan 4 kwen peyi a epi pran eleksyon yo an grenn 5.
Nou tou pwofite ap raple, koze distribye zam bay sivil la te kòmanse sou rejim Duvalier ak kò paramilitè ki te rele : “Tonton makout la”, ak lòt kou “Frap” ak “Atache”.
Men se sou rejim Lavalas la, koze sa te vin egzajere. Yo te mache bay ti jenn ki nan geto yo zam pou yo defann pouvwa yo ak yon filozofi : “Depi w grangou se leve je w anlè, gad solèy la”. Se yon langaj kòde, nou ka entèprete kòm zak “dechoukay”, epi atake moun ki gen koulè klè yo.
Aprè Lavalas, se ta pral rejim PHTK ki suiv menm egzanp distribye zam bay “Bandi nan katye popilè yo pou eleksyon ak konsève pouvwa yo”.
Depi kèk lane, Jean Bertrand Aristide tounen nan peyi a, aprè yon dezyèm koudeta, li di se koze edikasyon l ap regle sèlman ak zèv sosyal. Men chak lè gen gradyasyon nan Inivèsite Fondasyon Aristide la, ansyen prezidan an tonbe nan voye toya adwat, agoch.
Li pale tout sa li bezwen, tout sa l pa bezwen, li souvan jwe wòl sipèsta nan seremoni yo, pandan se moman ideyal pou l ta mete jenn ki gradye yo an valè.
Li sere kò l lakay li taba, li pa fè entèvansyon nan laprès, li pa parèt an piblik fasil, men pa enkyete w, li toujou popilè epi kote l chita a l ap deplase pyon jiskaske li akouche objektif li pou li reprann pouvwa a.
Poukisa jounen jodia, tout lòbi sa yo ap fèt pou yo tounen ak Jean Bertrand Aristide nan tèt peyi a? Eske se yon seleksyon yo vle fè, menm jan ak eleksyon 2000 la? Eske pa gen lòt moun valab ki pa te janm nan koripsyon ki ka ede peyi a? Eske n kondane pou nou sèvi ak menm moun yo ki fè pati pwoblèm yo?
Antouka, pa kite ansyen pwofesè Lesly Manigat ta tande nou ak koze sa, osnon l ap di nou ti koze li te di pou René Préval la.
Foto: VOA
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2022