Pòtoprens jou ki te 4 Septanm 2022 a._ Ariel Henry se non medsen ayisyen sa ki gen 72 an ki pran kontwòl peyi a aprè zak asasinay ki te fèt sou prezidan Jovenel Moise jou ki te 7 jiyè 2021 anndan lakay li. Gras ak sipò kolon meriken yo ak lòt anbasad kèk gwo peyi ki regwoupe yo an sendika ki rele “Corp Group”, Ariel Henry te rive fè dappiyanp sou bwat leta yo epi chase alye Jovenel yo ki pa te fin dakò avèk li.
Aprè li fin mete sou kote ansyen premye minis Claude Joseph ak prezidan sena a Joseph Lambert, 2 politisyen ki te konvwate plas prezidan pwovizwa a aprè lanmò Jovenel, Ariel Henry te pran kontwòl peyi a jou ki te 20 jiyè 2021. An bon politisyen, li monte gouvènman pa li avèk alye l yo ki gen menm ti vizyon zòtolan menm jan ak li. Li rale anba vant preske tout politisyen ki te fè pati opozisyon an gras ak yon dokiman ki rele “akò 11 Septanm”, ladan l yo antann yo pou yo pataje ministè yo kou moso gato.
Depi aprè lanmò Jovenel Moise bagay yo vin pi dejenere. Gang yo ki gen kontwòl tout gwo komin yo divize epi fè anpil mò pandan y ap toke konn yo nan batay pou teritwa ak pouvwa epi lajan. Masak sou masak nan plizyè katye, tankou Site Solèy, Bèlè, Laplèn, Kwadèboukè, Matisan, elatriye. Nan batay sa yo n ap pale plizyè santenn moun inosan ki mouri san nou p ap konte sanzave ki tonbe anba bal lòt sanzave ak lapolis. Nou pa vle plede repete chif RNDDH, Fondasyon Je Klere, ONI ak lòt òganizasyon k ap defann dwa moun yo, paske nou toujou di chif sa yo pou nou se estimasyon, an reyalite a gen anpil fanmi ki pa vle pale paske yo pè, alòske gen rezon ki jistifye pè yo a. Koz peyi sa pyeje!
Gouvènman defakto sa pa janm leve ti dwèt li pou yon popilasyon k ap mouri anba bal bandi yo.
Pou dosye kidnapin lan se pa pale. Pou ane 2021 an, òganizasyon k ap defann dwa moun rive resanse 1032 ka kidnapin nan peyi a. Sèlman pou 6 premye mwa nan ane 2022 a, òganizasyon yo rive note 551 ka kidnapin, sa vle di 382 ka anplis si n ap konpare ak lane 2021 an. Sitiyasyon sa kraze ekonomi peyi a plat atè, fanmi viktim yo oblije depanse lajan yo pa genyen pou yo jwenn liberasyon pwòch yo. Aprè pi fò oblije kite peyi a, sa ki gen viza pou gwo peyi yo mete van nan vwal yo epi lòt ki pa gen mwayen deside al viv Sendomeng.
Ki mezi ki pran pou kwape ensekirite sa? Sa se yon gwo kesyon popilasyon an pa sispann poze yon fason pou kritike gouvènman defakto a ki kanpe an bon espektatè k ap suiv bandi yo k a taye banda nan peyi a. Dayè Minis Enteryè ki se Liszt Quitel gen gwo akizasyon sou do li nan dosye kidnapin pastè Jean Ferret Michel ki te fèt nan mwa oktòb 2021 an. RNDDH kanpe rèd sou agiman se minis lan ki te planifye kidnapin lan, paske pastè a ta nan relasyon fanm ak gason ak madam li. Menm fanmi pastè a te pale nan laprès epi ale nan menm sans lan, tankou yo konn kou a, men yo pa vle pale pou yo pa viktim tou.
Aprè tout eskandal sa, premye minis defakto a paka menm pran yon desizyon pou mete sou kote minis Quitel epi mete l ak disponib pou lajistis pou yo ka rive tande li. Dayè premye minis lan pou kò li gen gwo akizasyon nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moise. Dayè plizyè sous tankou RNDDH konfime Ariel Henry te pale nan telefòn ak Joseph Felix Badio 2 fwa menm jou swa asasina a. Selon lapolis Badio se youn nan otè entèlektyèl lanmò Jovenel, men nou konnen deja bagay la gen plis men dèyè l. Kibò tip la ta pral jwenn tout lajan sa pou l peye mèsènè, pou l peye pou transpò yo, pou l achte zam ak minisyon, pou li achte sekirite yo… konplo sa li koute lajan epi li gen gwo blan ki kache dèyè li. Dayè se blan k ap mennen ankèt la, se yo k ap di kiyès ki koupab ak kiyès ki inosan.
Lajistis ayisyen kote pa li kanpe an espektatè, ki jitis? Jovenel Moise ak alye li yo te gentan kraze sa plat. Li te vin jwenn sistèm jistis la tankou yon paswa, li menm li fouye yon gwo twou nan paswa a. Se sak fè prezidan an fin mouri, paka gen okenn souke kò ki fèt. Dosye a ap trennen, poutan tout prèv yo la, Martine Moise la kòm temwen, ajan sekirite yo toujou la, videyo siveyans yo la, 2 kwòdonatè sekirite prezadin an toujou nan prizon, epi youn nan moun ki pi enpòtan nan dosye sa se ansyen direktè jeneral PNH la ki rele Léon Charles, li toujou la menmsi li kouri al kache kay blan k ap pwoteje li yo nan peyi Etazini.
Menm aktyèl DG PNH la Frantz Elbé gen non li ki site kòm moun ki te nan konplote ak Joseph Felix Badio jiskaske yo egzekite pwojè asasina sa. Jovenel te pran nan pwason kraze nan bouyon!
Nou dwe konprann Ariel Henry se sèl moun ki rive kraze klas politik la plat. Li pa gen okenn entitisyon kontwòl k ap veye sa l ap regle ak lajan leta a, mesyedam y ap naje nan koripsyon, y ap prepare eleksyon, y ap bale wouze.
Nonm sa se yon mèt nan mapipilasyon, li mete zo nan bouch chak chen ki t ap jape nan riyèl la epi baryè lib, kay pou li. Politisyen jwenn, biznis jwenn, medya jwenn, diplomat jwenn elatriye. Popilasyon an li men ap kwoupi nan mizè ak sibi.
Sof moun k ap eseye reziste se moun ki rele tèt yo Jovnelis yo, men domaj se yon 6 k ap di gad kijan yon 9 kanpe. Se menm kowonpi yo, menm yo menm ki te planifye pou mete peyi a la. Kidonk, nou paka espere anyen ak moun sa yo, nou pa swete pran nan fab chwazi. Nan jou ki sot pase yo la, mesyedam Akò Montana yo estime yo echwe, paske yo pa te kanpe anfas alyans trèt sa yo, machann peyi sa yo. Akò Montana a se te yon bèl demach, yon bèl egzèsis demokratik, men se fransè ki t ap pale. Vagabon isit pase yo nan farin tankou pwason ki ta pral fri. Ariel Henry gen tout resous yo nan men li epi tout kowonpi yo.
Semenn sa yo nou konstate ti souke kò k ap fèt nan kèk gwo kominn, tankou Tigwav, Okap, Pòtoprens ak Jakmèl, elatriye. Men, pèp la pa gen okenn lidè fyab ak li ka fè konfyans kounya. Mouvman yo gen anpil revandikasyon lejitim, paske lavi a chè, ensekirite a mande anraje epi moun y ap toupizi nou ak dosye to lajan ameriken an. Men, li enpòtan pou di moun politisyen yo pa dwe voye manifestan y al boule bank yo ni ponp gazolin yo.
Yon bon politisyen dwe vini ak pwojè, bay altènativ epi fòse gouvènman an travay. Nou gen plis pase 30 lane n ap boule epi kraze brize, nou dwe eseye lòt fòmil, men fòmil ak zansèt yo ki se “yon sèl nou fò”.
Sa nou dwe konprann, jan peyi a nan kawo a li bon pou mesyedam ki sou pouvwa a, yo pa gen okenn lejitimite, yo pa gen okenn kontra sosyal ni manda ba yon misyon ak yon dat ekspirasyon. Yo pa nan rann kont bay kikonk, yo ka foure men yo fon nan kès leta a tankou se byen manman yo ak papa yo. Y ap woule kò pou 2 oubyen 3 zan sou pouvwa a, lè yo fin fè lajan yo pral òganize yon eleksyon malatchonn epi chwazi pou nou kèk dirijan poupe twal pou yo kontinye bwase.
Men se byen konte ak mal kalkile. Nou pral pare tann yo nan koufou sa!
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022