Jean Jacques Pierre rele Duckens Nazon aprè li te deside sanksyone jwè a nan dat mèkredi 8 septanm 2022 a. Atakan an te vrèman fache akoz seleksyonè a te deside bay yon entèvyou ak yon medya fransè pou eksplike koze ki t ap pase anndan seleksyon an.
Antrenè Ayisyen an Jean Jacques Pierre te montre l pat renmen konpòtman sipèsta Ayisyen an, puiske li te estime li te tounen yon moun k ap pase li lòd epi pa vle yo mete l sou ban pou bay yon lòt jwè jwe «Si yon jwè vin nan seleksyon Nasyonal la pou fè pase lide li, se pou l chanje estati, li dwe montre diplòm li epi pran plas osnon yon jwè ki vin Ayiti, li dwe pwojte yon lòt bagay», pawòl aktyèl Antrenè seleksyon an.
Tout pawòl piman bouk sa yo te vini aprè antrenè Jean Jacques Pierre pa te deside konvoke li nan dènyè match Grenadye yo ta pral jwe nan «Ligue Des Nations de la CONCACAF». Jwè a te vrèman estomake.
Nan dènyè lis ki sòti ayè vandredi 3 mas 2023 a, seleksyonè a deside fè apèl avèk Duckens Nazon epi Pierrot Frantzdy, ki pral gen pou jwe nan 2 match nan «Ligue des Nations CONCACAF» nan dat 23 mas k ap vini la.
N ap presize seleksyonè Ayisyen an Jean Jacques Pierre pa rele gadyen-kapitenn Johnny Placide akoz li blese pou vin jwe. Match sa yo pral 2 match enpòtan ki kapab ede Granadye yo kite Lig B a, paske yo gen 10 pwen sou 12, yon viktwa sèlman ap kapab fè yo rejwenn Lig A, sa ki kapab bay Ayiti yon plas pou «Gold Cup» k ap vini an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post