Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Justice

Dosye kay pou ONA: ULCC mande lajistis arete Jemley Jean Baptiste ak kèk lòt moun

Mag Haiti by Mag Haiti
November 20, 2023
in Justice
0
Dosye kay pou ONA: ULCC mande lajistis arete Jemley Jean Baptiste ak kèk lòt moun

Nan lide pou te mete limyè sou yon kay ki trouve l nan Ri Lama, Petyonvil, ansyen direktè adjwen Ofis Nasyonal Asirans-Vyeyès(ONA) la, Jemley Marc Jean Baptiste te achte nan men ansyen Depite Alfredo Junior Antoine, ULCC fè konnen gen gwo magouy ak koripsyon ki te fèt nan dosye sa. Se pou sa, yo mande pou lajistis mare 2 moun sa yo ak tout lòt moun ki te enplike nan resevwa nan 86 383 053.93 goud ONA te peye pou kay sa.

Selon premye enfòmasyon UlCC bay yo, nouvo batiman yo te achte nan kad pou mete sou pye yon lekòl fòmasyon nan ONA, e depi nan kòmansman pwosesis pou te achte l yo anketè yo di te gentan kòmanse gen koripsyon. Puiske, yo fè konprann non sèlman ansyen direktè adjwen an pa t fè pwosesis li te dwe fè yo pou te achte kay sa, men tou papye ki te dwe siyen aprè 4 novanm 2021(dat palmantè a te ofri kay la), te gentan siyen depi nan dat 28 oktòb 2021. Yon aksyon selon anketè yo, ki montre aklè se yon zafè ki te gentan finn siyen depi avan menm mesye Jean Baptiste te sonje fè pwosesis legal yo.

Se konsa yo revele, 27 desanm 2021, Bank Nasyonal Dayiti (BRH) te swadizan resevwa lòd nan men Direktè jeneral ONA a, pou yo te transfere 86 383 053.93 goud sou kont notè a ki se Daniel Despeignes nan Capital Bank. Men, anketè yo presize tousuit aprè kòb sa finn depoze sou kont notè a gen 96% nan lajan an ki al jwenn 4 antrepriz sou kont bankè yo. ULCC di, divès tranzaksyon sa yo te fèt sòti 30 desanm 2021 pou rive 10 janvye 2022.

Premye antrepriz la se Archi-Immo li te resevwa 35 382 585.00 goud se ansyen palmantè Alfredo Junior Antoine ki responsab li, 2yèm nan se Idéal Estate Innovation li te resevwa 15 000 000.00 goud se Piterson Juste ki responsab li. 3yèm antrepriz la li menm gen 2 moun ki reprezante l se Piterson Juste toujou ak Stéphanie Mondestin yo menm yo te resevwa 15 218 000.00, dènye a se A&C Fournitures de Bureau et Matériels Informatiques ki gen nan tèt li Christelle Lhérisson li te jwenn 18 140 758.00 goud.

Pou ka pa Stéphanie Mondestin, ULCC fè kwè li pa t sèlman pran lajan sou non antrepriz li a, men yo di konsa li te fè plis kòb toujou puiske se li k te direktris jeneral adjwen a.i nan ONA, kidonk, pozisyon l te pèmèt li jwenn yon enterè dirèk nan achte kay la. Anketè yo soulinye tou, madanm sa te resevwa antou 30 381 965.00 goud sou toulède kont bankè li genyen nan Sogebank ak nan Bank Nasyonal Kredi(BNC), kòb sa toujou sòti nan lajan ONA te peye kay la.

Ansyen depite Alfredo Antoine li menm, yo akize l kòm moun ki te nan konivans ak Madanm Mondestin, puiske nan dat ki te 14 janvye 2022 a, ULCC di li te depoze 15 163 965.00 goud sou kont antrepriz Ideal Estate Innovation, ki se pwopriyete madanm nan. Li te fè tranzaksyon sa yon jou aprè l te finn resevwa 15 milyon goud nan men antrepriz A&C a. Epi yo prezante l kòm yon gwo magouyè dèske l te itilize yon mwayen pou l pa t resevwa yon goud nan lajan kay la sou kont pèsonèl li, tandiske li t ap blanchi lajan anba anba akòz antrepriz sa yo, ki selon ankèt la pa menm egziste.

Pou sa ki konsène Piterson Juste, yo lonje dwèt sou li kòm moun ki te fè transfè lajan an sou kont antrepriz Ideal Estate Innovation an. Nan fason sa, yo eseye jistifye pou di, se paske l pa t vle pou non madanm Mondestin parèt nan dosye lajan sa ki fè l te aji konsa li menm, kidonk yo akize l kòm konplis nan koze blanchiman pwodui krim nan.

Pou kounya, malgre ONA te finn peye depi 27 desanm 2021 an, yon sèl kou 86 383 053.93 goud pou kay sa, ajan ULCC yo di ONA poko janm gen aksè ak pwopriyete sa toujou. Okontrè yo fè tout moun konnen, ansyen depite Antoine toujou kontinye ap fè lajan nan lwe kay sa, malgre batiman an se byen prive ONA li ye jounen jodi a.

Se nan sans sa ULCC mande sou plan administratif pou Kou Siperyè Dèkont(CSCCA) fè kou yo konnen pou jwenn diplis sou tout dega ansyen direktè adjwen ONA a, Jemley Marc Jean Baptiste te fè. Yon lòt kote, yo mande pou ONA chache mwayen pou pran kay sa yo te peye plizyè milyon goud pou li a prese prese.

Sou plan penal Inite lit Kont Koripsyon (ULCC) mande pou lajistis aji kont tout moun ki enplike nan dosye sa.

“Nou mande pou aksyon piblik mete an mouvman kont Jemley Marc Jean Baptiste pou abi fonksyon l fè menm jan atik 5.5 lalwa 12 mas 2014 la te gentan di l la. Menm bagay la dwe fèt pou Stéphanie Mondestin pou enterè ilegal li pran nan dosye a, pou blanchiman pwodui krim nan epi pou asosiyasyon malfektè Yon bann bagay atik 5.3, 5.13 lalwa nou sot site la yo kondane menm jan atik 224, 225 kòd penal la kondane yo tou. Alfredo Junior Antoine li menm antanke youn nan moun ki nan tèt blanchiman pwodui krim nan, Piterson Juste se pou konplisite l nan menm bagay sa yo atik 224, 225, 44, 45 kòd penal la ak tout atik 5.3 lalwa 12 mas 2014 la, kondane bagay sa”

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 741
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Lokasyon biwo pou MENFP: ULCC mande lajistis arete Norbert Stimphil ak Meniol Jeune

Next Post

Un policier et plusieurs civils tués dans une nouvelle attaque armée à Solino

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Un policier et plusieurs civils tués dans une nouvelle attaque armée à Solino

Un policier et plusieurs civils tués dans une nouvelle attaque armée à Solino

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,843)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,769)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,814)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,661)

Nouveaux Articles

  • ULCC revele ansyen direktè OFATMA a te fè magouy pou zanmi politik li fè lajan nan leta
  • Stéphanie Désir, une personne à mobilité réduite arnaquée par un ancien membre du BSEIPH
  • ULCC mande lajistis mare Renan Hédouville ak 6 akolit li nan OPC

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?