Aprè ankèt Inite lit Kont Koripsyon (ULCC) t ap mennen sou 17 batiman Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl te lwe sòti 2015 pou rive 2020, responsab estrikti a mande nan rapò yo ki te sòti depi mèkredi 15 novanm 2023 a, pou lajistis mare Norbert Stimphil ak Meniol Jeune. Selon responsab yo moun sa yo ta pwofite fonksyon yo, puiske yo te pase dèyè pou angaje leta ayisyen alòske yo pa t gen pouvwa sa ditou.
“Komisyon an te rive idantifye 2 siyatè pou MENFP: te genyen yon bò ansyen direktè jeneral, Louis Mary Cador, yon lòt bò aktyèl direktè jeneral MENFP a, Meniol Jeune. Depi 20 fevriye 2017, yo chak la foure leta ayisyen nan plizyè kontra ki koute $40 320 dola ameriken chak ane pou kesyon lwaye”, daprè sa rapò a fè konnen pandan yo soulinye kontra sa te siyen ak madanm Geneviève Anglade, pwopriyetè yon batiman ki Dèlma 60, MENFP lwe nan men li.
Norbert Stimphil li menm yo prezante kòm kòdonatè jeneral pwojè “Edikasyon pou tout moun“(EPT), yo fè konprann li te pran devan tou pou l te siyen gwo kontra sou non Ministè a. Daprè enfòmasyon yo, Stimphil te rive siyen yon kontra 82 mil dola vèt/ chak ane ak Reenold Deep nan non Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl.
“Akòz lanmò l, li vinn parèt san sans pou lajistis ta arete ansyen direktè jeneral MENFP a, Louis Mary Cador. Konsa, nou mande pou aksyon piblik mete kont Norbert Stimphil pou abi fonksyon , yon bagay atik 5.5 lalwa 12 mas 2014 la kondane. Nou mande menm bagay la tou pou aktyèl direktè jeneral MENFP a, Meniol Jeune, aprè yo finn jwenn otorizasyon bò kote otorite konpetan yo puiske li se yon gwo fonksyonè leta pou kounya“.
Anplis kèk fonksyonè anndan MENFP ki t ap siyen kontra agoch adwat sou non enstitisyon an san yo pa t gen okenn dwa sou sa, anketè yo fè konnen nan bon kontra Ministè a te rive siyen ak kèk lòt pwopriyetè yo pa t toujou peye enpo lokatif yo (CFPB).
Se pou sa yo presize responsab ministè a te siyen 5 kontra pou 6 lane ak mesye Jean Robert ki te reprezante mesye Gérard Tardieu, pou lwe yon batiman ki Dèlma 83, lokasyon kay sa koute yo 96 mil dola ameriken. Poutan, sòti premye jiyè 2016 pou rive 6 dawout 2022 a, ULCC di pou 6 lane kontra sa yo se pou 2 lane fiskal sèlman yo te peye(2015-2016/ 2021-2022), e yo menm presize lajan yo peye CFPB a pa menm rive nan pye lajan yo te sipoze peye nòmalman an.
Pou sa ki gen pou wè ak lòt kontra yo te siyen yo, rapò ULCC a di konsa gen yon kay Péguy-Ville, responsab MENFP yo te lwe e siyen kontra pou 4 lane sòti premye janvye pou rive 20 janvye 2023, nan men yon madanm ki rele Guada Moussa Farah pou 77 mil dola vèt, men anketè yo di pa gen pyès responsab ki t al peye enpo pou batiman sa pandan tout 4 lane sa yo.
“Ankèt ki mennen yo montre enpo lokatif ki peye e ki te bay nan dosye pou fini kontra sa te pito sou non Joseph Farah pou yon premye lokal ki Mòn Kalvè ki te bay 240 mil goud pou egzèsis fiskal 2021-2022 a. Gen yon lòt lokal ankò ki nan zòn Enpas Raphaël St Thérèse Petyonvil, toujou sou non Joseph Farah pou egzèsis fiskal 2019-2020. Poutan, youn nan yo pa gen anyen pou wè ak kontra ki te siyen ak Guada Moussa Farah, sa ki fè trezo piblik la pa resevwa yon santim nan 10% CBPF kontra 77 mil dola ameriken an“, toujou daprè detay rapò a bay.
Pou tout lè responsab MENFP yo pa t rive peye enpo yo, responsab ULCC yo konkli pou di leta ayisyen pèdi nan yon premye tan 55 730, 179.67 goud. Tandiske selon estimasyon yo fè yon lòt kote, yo fè tout moun konnen leta te ka fè youn aprè lòt 328 799,609.67 goud, ak 2 100 960.00 dola ameriken si yo pa t pran move desizyon mal jere lajan sa yo.
Paralèlman, ajan konpetan ki mennen ankèt sila lonje dwèt yo tou sou ansyen minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agenord Cadet, puiske yo estime li gen gwo responsabilite nan fason lajan sa yo gaspiye nan MENFP a. Konsa tou, pami tout sa yo mande sou plan administratif yo, yo di pou Ministè a kanpe tout kontra l.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023