Jij Jose Martinez òdone ayè mèkredi 15 mas 2023 a, 8 avoka pami 11 sila k ap defann akize yo nan dosye lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la, pou yo pa pataje okenn dokiman ak kèlkeswa moun nan fanmi akize yo oswa avoka ki pa Ameriken, selon Miami Herald.
Desizyon sa pran se nan sousi pou pwoteje akize yo ki ta enplike nan konplotay ki te rive bout ak lanmò 58yèm chèf leta Ayisyen an. Nan sans sa, òdonans pwoteksyon sila entèdi 8 avoka pami 11 sa k genyen yo, pou pa mete deyò okenn enfòmasyon ki konsène dosye sa sof kliyan (moun y ap defann lan), pèsonèl jiridik yo ak ekspè yo, yo gen dwa mete okouran.
“Òdonans lan entèdi yo patikilyèman pou pa pataje prèv yo ak tout avoka etranje ki pa gen nasyonalite Ameriken oubyen tout etranje, keseswa pwòch akize yo oubyen avoka yo genyen ki nan lòt peyi“, daprè presizyon jounal Ameriken an.
Toujou nan menm kad dosye sa, desizyon pou pwoteje akize yo sou tout baz prèv ki pa ta dwe sòti deyò yo, ta vini aprè 11 avoka yo nan tèt kole ak biwo pwokirè Ameriken an te mande pou sa te fèt.
Selon temwanyaj kèk avoka k ap defann kèk nan 11 moun ki enplike nan ansasinay ansyen prezidan an, òdonans sa se yon fason yo jwenn pou evite enfòmasyon sansib yo al tonbe nan men moun ki gen move entansyon.
“Se yon mwayen pou anpeche enfòmasyon sou yon temwen pa al tonbe nan men moun ki gen move entansyon”, selon Kenneth Swartz.
“Yo jis pa vle rive nan faz pou ap eksplike sa k ta rive yon temwen ki temwanye nan zafè sa“, Henry Bell.
Nan sa ki gen pou wè ak ankèt bò kote otorite lajistis Ayisyen an, nouvo desizyon sa sanble ap gen gwo konsekans sou li akòz jij Walter Voltaire pap gen aksè pou odisyone pyès nan akize yo ki te nan prizon Ayiti yo, transfè li te oblije aksepte selon sa Miami Herald rapòte.
N ap raple otorite ameriken yo te vinn pran mwa janvye pase a, James Solages, Joseph Vincent, Emmanuel Sanon, Germán Rivera 4 prezime sispèk ki te nan prizon Ayiti pou yo t al plede koz yo douvan lajistis nan peyi Etazini.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023