Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Dosye bòlèt: ULCC revele Asosiyasyon moun ki gen bòlèt yo dwe lotri Ayisyen plis pase 4 milyon goud

Mag Haiti by Mag Haiti
November 24, 2023
in Société
0
Dosye bòlèt: ULCC revele Asosiyasyon moun ki gen bòlèt yo dwe lotri Ayisyen plis pase 4 milyon goud

Nan kad ankèt Inite lit Kont Koripsyon (ULCC) t ap mennen sou Asosiyasyon Nasyonal moun ki gen bòlèt yo (ANTB) ak Lotri Leta Ayisyen(LEH), yo fè konnen sou 5 lane kontra ki te siyen ant 2 enstitisyon sa yo, ANTB rive dwe Lotri Leta Ayisyen 4 211 280.00 goud. Mete sou sa, yo fè konnen tou depi lè kontra a fini nan lane 2018 la, 2 pati yo pa janm rive antann yo swa pou yo renouvle oubyen koupe kontra ki te gen ant yo a, yon aksyon ki selon ULCC lakòz gwo defisi bò kote leta ayisyen.

Selon ULCC, gen yon kontra ki te siyen ant ANTB ak LEH depi nan lane 2013, li te dwe bout aprè 5 lane (2018), men aprèsa sa li te ka posib pou l renouvle si toulède pati yo te rive mete yo dakò sou sa. Nan kontra sa, Asosiyasyon Nasyonal moun ki gen bòlèt yo(ANTB) te dakò pou bay LEH 20 goud sou chak kanè fich bòlèt ki vann 50 goud, e te dwe bay 5 mil goud sou chak pèmi oubyen otorizasyon l bay sa ki koute yo 10 mil goud. Tandiske pou DGI li te dwe bay 15 goud sou chak kanè ki vann.

“Asosiyasyon Nasyonal moun ki gen bòlèt yo te dwe bay Lotri Leta Ayisyen 22 211 280.00 goud, lajan sa reprezante pati pa LEH la, li sòti nan kantite kanè ki vann ak otorizasyon ki bay. Men, selon detay nou genyen sou lajan ki bay deja yo pandan peryòd 2013-2018 yo, nou jwenn se 18 milyon goud yo te rive bay sèlman. Sa ki fè ANTB dwe Lotri Leta Ayisyen 4 211 280.00 goud”, daprè sa rapò a fè konprann.

Nan menm sans sa, anketè yo presize kesyon ratman lajan ANTB te sipoze bay Lotri Leta Ayisyen an kòmanse, se sitou lè ansyen direktris LEH la, Marie Margareth Fortuné Daudier te vinn pran tèt enstitisyon an sòti mwa mai 2016 rive avril 2021.

“Pandan peryòd sa ANTB te sèlman bay LEH 3 milyon goud. Analiz nou fè sou divès dokiman bankè yo pèmèt nou konstate se sèlman 2 chèk yo te bay sòti me 2016 rive avril 2021. Chèk sa yo te bay konsa, youn se te yon chèk 2 milyon goud nan Sogebank ki gen nimewo #1173, lòt la te yon milyon goud nan BNC sou nimewo #1337 yo te bay li 4 jen 2018“, toujou daprè presizyon rapò a.

Yon lòt kote pou sa ki konsène lajan pa Direksyon Jeneral Enpo (DGI), yo soulinye kontribisyon 2 pati sa yo, kòmanse fèt 29 me 2018 li bout 5 fevriye 2021, sa ki te pèmèt DGI antre 9 641 075.00 goud. Malgre sa, ULCC fè konnen responsab Asosiyasyon Nasyonal moun ki gen bòlèt yo pa rive respekte kontra yo te siyen an vre, puiske nan menm kontra sa, li te obligatwa pou taks yo te kòmanse peye depi 2013.

Men, ULCC di lajan sa, responsab yo menm se jous nan 2018 yo al peye, sa ki fè lajan sa yo te bay la vinn pase pou ane avan yo(sòti 2013 rive 2017). Konsa, yo toujou dwe DGI lajan rès ane kontra a.

Selon estimasyon anketè yo, kontra sa ki mete diskisyon ant 2 pati yo e ki pa janm renouvle ankò a, vinn pa bon ditou pou ni Lotri ayisyen an ni pou DGI, e yo presize malgre kontra a bout Asosiyasyon an gen plizyè dèt pou l bay. Pandantan sa, yo fè konnen Asosiyasyon an nan bò pa l vinn lib kounya nan fè lajan poukont li puiske kontra a fini kidonk li pa gen okenn obligasyon pou peye ni LEH ni DGI.

Nan ka sa, ULCC mande pou Kou Dèkont (CSCCA) jwenn mwayen pou gade kòman responsab yo te jere Lotri Leta Ayisyen an, yo mande tou pou gen demach ki fèt pou se pa yon asosiyasyon prive k ap jere bòlèt ak jwèt aza nan peyi a, yo plede pou gen yon bon resansman ki fèt pou konn konbyen bank bòlèt ki genyen sou teritwa a e konbyen moun k ap dirije yo tou. Yon lòt kote, yo mande pou gen demach jidisyè ki fèt pou asosiyasyon Nasyonal moun ki gen bòlèt yo bay tout lajan li dwe Lotri Leta Ayisyen ak DGI.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 655
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Lapolis arete ansyen direktris jeneral adjwen ONA a pandan l t ap tante kite peyi a

Next Post

“Silans”: Sanders sort son premier morceau depuis son divorce avec Harmonik

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
“Silans”: Sanders sort son premier morceau depuis son divorce avec Harmonik

"Silans": Sanders sort son premier morceau depuis son divorce avec Harmonik

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,988)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,793)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,852)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,680)

Nouveaux Articles

  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo
  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?