Jounen jodi mèkredi 22 fevriye 2023 a, ansyen senatè doktè Gérard Gilles ki te kidnape nan dat 16 fevriye ki sot pase la, anfas klinik li nan Dèlma 103, jwenn liberasyon li aswè a aprè li te fin bay bandi kòb yo te mande li an.
Responsab Nouvèl Oryantasyon Liberasyon Ayiti ( NOULAH), Dr Gérard Gilles, sot pase 7 jou anba men kidnapè. Jounen jodia yo chwazi libere li pou lajan.
Ansyen senatè sou banyè Fanmi Lavalas la, Dr. Gérard Gilles, se youn nan lis viktim zak kidnapin k ap ravaje peyi a pandan plizyè lane.
N ap raple nan moman n ap ekri la, Dr. Gérard Gilles libere anba men kidnapè yo, men Dr. Jeanty Fils Exalus kidnape aprè midi an, anplis Dr. Geneviève Arty depi 2 fevriye 2023 a. Kidonk, fenomenn kidnapin lan pa sispann taye banda sou teritwa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023