Pandan tout 3 jou kanaval la nan lakou pòtoprens, anba tèm “rekonsilyasyon pou lapè“, grèv medsen rezidan lopital Inivèsite Leta (HUEH) yo te toujou kontinye. Nan sans sa, yo rive kritike leta an plas la ki pa bay sistèm sante a regle anyen pou yo, tandiske yo jwenn lajan pou kanaval te fèt ane sa.
Daprè sa medsen yo deklare, yo fè konnen
direktè Ministè Sante piblik ak Popilasyon an(MSPP), Lauré Adrien te di yo kès leta pa gen lajan pou reponn ak revandikasyon medsen yo, nan chita pale ki te fèt ak li nan mwa janvye 2023 a.
Poutan se yon sitiyasyon ki parèt diferan pou pwotestatè yo ki twouve li enkonsyan bò kote dirijan yo, ki menm aprè 2 mwa grèv pa janm fè okenn entèvansyon pou kondisyon lopital jeneral ta chanje.
«15 milyon goud dekese pou kanaval nan pòtoprens, daprè sa n aprann yon Dj gen 2 milyon goud nan men l pou li fè pakou pandan 3 jou, epi nou menm jounen jodi a,
Men sa nou prezante, sa pa nou ki fè yo se anndan lopital la sa yo ap pase, nou pa kapab ankò nou rele o sekou», se deklarasyon youn nan medsen sila yo.
Yon lòtbò, pwofesyonèl sante yo lonje dwèt sou direktè MSPP a, ki te di yo leta pa anpeche l gen lopital pa li, men se leta ki pa ba li mwayen pou okipe lopital jeneral.
Pandan tan sa, medsen yo kontinye nan grèv la san konn kilè sa ap kanpe, puiske pa gen okenn otorite ki deside reponn ak prensipal revandikasyon yo, ki se bon kondisyon travay, yon pi bon salè epi bon jan materyèl.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post