Yo se divès òganizasyon fanm, pami yo Òganizasyon pou reyensèsyon fanm ki regwoupe pou yon avni (ORFRA) k ap egzije respè 30 pousan fanm anndan nouvo gouvènman k ap gen pou fòme la.
Dieudonne Jolivard kòdonatris jeneral ORFRA a raple ak chèf primati a epi manm yo nan Konsèy prezidansyèl la enpòtans pousantaj 30 pousan fanm nan genyen nan tout nivo nominasyon yo sitou ministè yo.
Nimewo 1 ORFRA a ki mande pou fanm yo entegre gouvènman Garry Conille lan estime li enpòtan anpil pou se moun ki konnen sektè sila ki pou vin dirije tèt ministè Fanm ak dwa fanm nan, li kwè tou, moun sa dwe yon jèn fanm ki konnen pwoblèm sektè a epi li dwe yon moun ki pwòch òganizasyon fanm yo k ap evolye anndan peyi a.
Nan sans sa, feminis lan di l espere 9 manm konsèy yo ansanm ak doktè Garry Conille tande revandikasyon yo pandan l di li renouvle detèminasyon l pou batay la nan lide pou rive fasilite enplikasyon plis fanm nan tout espas ka p deside yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024