Prezidan Asosyasyon Pwofesyonèl lekòl prive yo, Marguerite B. Clerié te reyaji sou sitiyasyon ensekirite a ak konsekans li ka genyen sou fonksyonman lekòl yo nan peyi an sou Magik 9, jounen jodi madi 7 mas 2023 a.
Nan kòmansman semèn lan, plizyè lekòl te anonse yo fèmen pòtay yo, akoz ensekirite a k ap vale teren nan tout nivo nan peyi an, sak fè anpil timoun ak paran ta deja viktim kidnapin ak bal mawon pandan y ap vin lekòl.
«Se tout peyi an, men nou pale sou lekòl, paske li se avni nasyon an. Di nou ki lekòl nou genyen, n ap di ki peyi nou va genyen. Kidonk, lekòl yo vrèman touche avèk sitiyasyon katastwofik, laperèz epi dezespwa sa. Tout lekòl frape dirèk oubyen andirèk ak sa», deklarasyon Marguerite B. Clerié.
Lekòl ki pa fèmen pòt yo, se petèt y ap tann tou pa yo, se poutèt sa nou ta swete lekòl ki ka louvri yo pwofite ti tan maksimòm yo, selon Marguerite B. Clerié.
Malgre sitiyasyon sa ap dejenere pouvwa anplas la, pa vrèman montre okenn volonte pou pèmèt timoun yo aprann nan yon klima pwopis epi ki fèt pou sa. “Nou pa tande pèson se yon bann otorite bèbè ki chita sou chèz pouvwa yo, nou gen enpresyon se sa sèlman y ap regle», pawòl prezidan Asosyasyon Pwofesyonèl lekòl prive yo, Marguerite B. Clerié.
Paralèlman, plizyè lekòl kongreganis anonse yo p ap travay nan kondisyon ensekirite ap evolye la, yo mande pou paran yo kenbe timoun yo lakay yo, annatandan yo travay avèk yo anliy malgre nivo fristrasyon moun yo pou koze entènèt avèk pwoblèm kouran jounen jodia. Poutan, pouvwa anonse li pral chanje lè nan peyi an, kote moun yo pral kapab leve pi bonè toujou, menmsi kantite sila y ap kidnape yo ap ogmante pi plis chak jou.
Selon Marguerite B Clerié : «Kominote entènasyonal la ki ajannda nou, tande kri nou, sitiyasyon depase nou, vin ede nou.»
Plizyè gwoup gang ap afwonte nan katye Bèlè, Senmaten, Solino, Kriswa, Nazon, Poupla, elatriye. Kote se kout bal k ap tire pandan plizyè jou, grenn bal ap tonbe tout kote nan zòn Metwopolitèn Pòtoprens lan, yon sitiyasyon ki lakoz timoun ak paran yo nan laperèz.
«Sa depann nan ki katye timoun nan ye, men tout timoun an Ayiti ap viv yon sitiyasyon gè, poutan nou pa an Ikrèn. Sak vin fè yo estrese, yo pa entèrese avèk lekòl, timoun y ap reflechi si paran y ap antre lakay yo. Alòske nou ta dwe ap aprann timoun lan, men nou pito ap di l kouche pou l bouche zòrèy li pou l pa tande bri bal pandan l nan klas», selon Marguerite B. Clerié, kòmkwa se pa konsa aprantisaj fèt nan okenn peyi.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023