Peyi Etazini depòte anviwon 21303 Ayisyen sòti janvye pou rive mwa oktòb 2022 a, daprè chif Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon(OIM) pibliye.
Selon medya Diario Libre gen 14706 Ayisyen ki depòte san anyen kòm resous nesesè.
«Pou jou sa yo, OIM anrejistre 21 303 rapatriman Ayisyen rive oktòb 2022, epi 69% nan yo te rapatriye nan peyi Nò Ameriken an. An total Etazini voye 14 706 migran nan peyi Dayiti, yo rive pòv genyen ki genyen, konsa tou genyen ki pa posede anyen.» daprè sa Diaro Libre ekri.
Jounal Dominiken an mete aksan sou Peyi Etazini ki se youn nan peyi ki pratike depòtasyon migran ki ateri sou sòl Ameriken an oswa nan avyon oswa sou bato. Anplis yo soulinye tou, pami moun ki depòte an Ayiti yo gen «timoun ki pa akonpanye ak sila ki separe, fanm ansent ak lòt ki fè alètman.»
Kontrèman ak jan chif Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an te wo, sòti mwa janvye(4 255 migran depòte) pou rive nan mwa me 2022 a (4 655 migran depòte), òganis Ameriken an di chif yo te kòmanse desann nan mwa jen an.
Sa ki bay 88 moun sèlman ki rapatriye an Ayiti pou mwa oktòb la. Nan rapò Diaro Libre site a, yo fè konnen pwosesis depòtasyon peyi Etazini an te vin kanpe akoz sitiyasyon vyolans ki te kòmanse genyen nan peyi Dayiti.
Daprè yon lòt medya jounal Diario Libre site, gouvènman Ameriken an sanble gen plan pou ranfòse Sant detansyon Guantanamo nan peyi Kiba epi itilize peyi Bayamas ak zile Tik yo pou kenbe Ayisyen ki ta va tante travèse teritwa Ameriken an.
Crédit: WLRN
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022