Atravè yon sikilè Konsèy Nasyonal Telekominikasyon mete piblik jounen jedi 16 mas 2023 a, li mande pou tout moun k ap itilize telefòn mobil oubyen SIM nan peyi a pou yo anrejistre nimewo apati idantite yo an fonksyon rezo telefòn y ap itilize.
Mezi sa pran an fonksyon dispozisyon reglemantè nan nimewo 2OE-CNT-DE20220002 ki sòti nan dat 1e avril 2022, soulinye nan Direksyon Jeneral Ògàn egzekitif CONATEL atravè sikilè a.
Anplis, gen delè yon semèn nou akòde avèk tout operatè yo k ap gen pou soumèt plan egzekisyon kalandriye ane sa, nan objektif pou n ka konn tout moun k ap fonksyone avèk telefonn mobil anndan peyi an, selon règleman legal Konpayi Nasyonal Telekominikasyon an.
N ap raple aktyèl Direktè Jeneral Konpayi Nasyonal Telekominikasyon an, Joses Jean-Baptiste te ranplase ansyen Direktè Jeneral Jean Marie-Guillaume ki te mouri an Janvye 2023 a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post