Nan Yon atik CNN pibliye jodi vandredi 4 novanm 2022 a, jounal ameriken an fè konnen Tèminal vare a debloke aprè 2 semèn negosyasyon ant gang G9 an fanmi e alye a ak gouvènman an plas la. Tandiske otorite polisyè yo fè konnen se aprè gwo operasyon yo mennen, jou ki te mèkredi 2 ak jedi 3 novanm 2022 a, ki pèmèt tèminal la debloke.
Nan yon bò, lapolis anonse “Anpil katouch tire ant bandi ak polisye yo ki montre tout detèminasyon yo pou debloke vare paske problèm gaz la ki lakoz plizyè milyon moun ap soufri nan peyi a kote anpil bizniz oblije fèmen pòt yo, ak lopital ki paka fonksyone“, daprè sa kowòdinasyon près ak relasyon piblik Polis Nasyonal la (CPRP) ekri sou paj fesbouk enstitisyon an, yo te soulinye tou pandan operasyon sila a, gen yon anplwaye tèminal la ki rive blese nan echanj kout zam ak bandi yo.
Nan yon lòt bò, jounal ameriken an fè konnen te gen gwo rankont ant Dr Harrison Ernest, chèf gang G9 an fanmi e alye a, Jimmy Chérizier alyas “Babekyou”, epi premye minis Ariel Henry. Rankont sa daprè sa CNN ekri nan atik sila a, te fèt pandan 2 semèn negosyasyon ak Babekyou nan objektif pou chèf gang lan debloke Tèminal Vare, ki se pi gwo sant estokaj gaz nan peyi a.
“Gouvènman ayisyen an derefize di yo te negosye avèk G9 pou relouvri tèminal gaz la, malgre yon konseye Henry te deklare ak CNN chèf nasyon karayib la te rankontre Ernest”, toujou daprè deklarasyon jounal ameriken an. Yo kontinye pou di doktè Ernest ki se yon politisyen manb pati politik Konstui Lavi Peyi a te deklare “nou ap travay depi 2 semèn avèk gouvènman an epi gang yo pou debloke gaz la”.
CNN mete aksan sou dosye Doktè Ernest la ak tout pati politik Konstui Lavi Peyi a, selon sa yo di politisyen an te deklare yo “Pati politik Konstui Lavi a jwe yon wòl potomitan ant gouvènman an ak gang ki te bloke Tèminal gaz la”, daprè sa yo ekri.
“Nou pa mele ak gang ni negosye ak gang, nou vle lekòl la relouvri enpi relanse aktivite ekonomik yo rapid rapid. Premye minis lan te rankontre ak Ernest men yo pa t tanmen okenn negosiyasyon avèk gang nan non nou” se deklarasyon konseye espesyal gouvèneman an, Jean Junior Joseph.
Anpil nan responsab leta ayisyen yo gentan konfime tèminal la debloke, pami yo gen pòt pawòl lapolis la, Garry Desrossier ki deklare lapolis gen kontwòl tèminal la nan moman an, nan nòt enstitisyon polisyè a pibliye sou paj fesbouk yo, yo fè konnen yo antre nan katye Site Solèy ak Belekou toujou pou fè fas kare ak bandi yo.
N ap raple Harrison Ernest se ansyen direktè Radyo Televizyon Nasyonal Dayiti(RTNH), li se yon medsen e yon politisyen k ap evolye nan pati politik Konstui Lavi Peyi a.
Photo: BBC
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022