Chanjman Klimatik, Ayiti pami 3 peyi nan tout monn lan ki pi vilnerab selon Alyans pou Jesyon Riks ak Kontinuite Aktivite yo (AJRKA), Ayiti nan anviwon 20 dènyè ane sa yo, klase pami 3 peyi ki pi vilnerab nan monn lan parapò ak efè negatif rechofman klimatik, rezon ki lakoz sa patikilyeman, se fèb enkapasite n pou n pote repons ak katastwòf natirèl nan zonn “Myanmar” ak “Porto Rico”, nan dat 10 jen 2022 (Source global climate fiks index 2021)
Selon Gwoup Ekspè Entègouvennmantal sou Evolisyon Klima (GEEK), ant 1990 pou rive 2016, Ayiti se peyi ki plis touche nan Karayib la parapò ak gwo evenman natirèl yo, tankou sa yo: 3 sechrès, 1 epidemi (Kolera), 22 inondasyon, 23 tanpèt ak ouragan. Ayiti konnen 53 milya dola domaj pandan peryòd ki reprezante 39% domaj anrejistre nan ansanm rejyon nan Karayib la.
Bank Mondyal (BM) atravè Yon rapò li te pibliye an 2014, Pwodiksyon byen natirèl Ayisyen yo, konte nan 56% Pwodui Enteryè Bruit ( PEB), pozisyone nan zonn ak riks epi inondasyon repete, li gen Yon enpak ekonomik ak 2% sou PEB.
An tèm enpak sou degradasyon anviwonman, domaj anyèl yo, mwayen ki asosye ak ouragan twopikal yo, yo estime selon Fon Mondyal ( pou rediksyon katastwòf ak relèvman), koute Ayiti plis pase 442 milyon dola ameriken chak ane.
Pou w konn plis sou AJRK, li te kreye an 2018 nan objektif ankouraje sektè prive afè yo epi pote soutyen li ak Sistèm Nasyonal Jesyon Riks.
AJKA travay ak antrepriz ak òganizasyon nan sosyete sivil, nan objektif pou ranfòse kapasite rezilyans li fas ak diferan riks li ka ekspoze, elatriye.
Credit photo: La PRESSE.ca
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2022