Sant Anbilansye Nasyonal Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ap fè tout moun konnen, anbilans CAN yo deplwaye nan Pòtoprens, Kafou, Kwadèboukè, Petyonvil pou bay popilasyon an sèvis nan aktivite kap fèt chak dimanch anvan kanaval yo. Anbilans CAN yo poste nan pwen fiks sou pakou cha DJ ak bann apye yo.
An menm tan tou, pwen fiks anbilans CAN nan Lopital Jeneral, Lopital Lapè, Lopital Kominotè nan Bon Repo ak Akachon 32, ap toujou rete disponib pou jere lòt ijans.
Sant Anbilansye Nasyonal Ministè Sante Piblik ap mande kolaborasyon nou tout, pou ekip anbilans yo ka bay popilasyon an bon jan sèvis.
Pa bloke wout anbilans yo. Pa atake yo. Anbilans pa nan polemik. Anbilans pa nan pati pri. Sant anbilansye nasyonal Ministè Sante Piblik se zafè nou tout!
CAN 116, Tout ijans, Tout kote, Tout tan!