Nan yon rapò Bank Repiblik D Ayiti (BRH) pibliye ayè jedi 9 me 2024 la, li fè konnen mwatye ane fiskal 2023 pou rive 2024 la ekonomi Ayisyen an kontinye ap sibi konsekans negatif yo ki lakòz chòk entèn ak ekstèn ki bay nan evolisyon prensipal ak endikatè ekonomik ki disponib pou peryòd sa.
Nan nivo entènasyonal la, nan batay yo t ap tanmen kont enflasyon a nan plizyè peyi yo fè konnen yo kenbe yon mezi restriksyon nan fòs relatif to enterè enpòtan yo nan yon kontèks jewopolitik. Selon pwojeksyon ki fèt ant Fon Monetè Entènasyonal (FMI) ak Òganizasyon pou Koperasyon Ekonomik ak Devlopman (OECD), mezi sa yo an jeneral antrave momantòm kwasans ekonomik yo te prevwa aprè Kovid 19 la.
«Nan nivo nasyonal, sistèm pwodiktif la rete viktim nan kondisyon klimatik ak tansyon sosyal ak politik yo ki kontinye mete pye sou kou ekonomi ayisyen an», fè konnen Bank Repiblik D Ayiti sou kriz ekonomi peyi a ap konnen an.
Bank Santral kontinye pou l eksplike, fèmen divès pò ak ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti a nan mwa fevriye a gen gwo konsekans sou evolisyon pri ki pi ba yo. E yo soulinye li menm touche plizyè fanmi ki te deja nan pwoblèm paka manje nan peyi a.
«Pwoblèm sosyal ak politik gen gwo konsekans sou fonksyonman sistèm pwodiktif la, pratikman nan tout sektè aktivite yo pandan 6 dènyè mwa yo. Alòske, pou reprann aktivite pwodiksyon yo sa depann an fonksyon amelyorasyon kondisyon sekirite a», se sa responsab yo soulinye parapò avèk monte pri pwodui premye nesesite yo akòz ensekirite an k ap pi rèd sou teritwa a.
Malgre tout difikilte sa yo, BRH di li pran kèk desizyon politik monetè pandan 6 mwa sa yo:
kenbe direksyon yo te bay politik monetè a pou l ka desann varyasyon(fluctuations) nan echanj pousantaj lajan an ak pou genyen pousantaj ogmantasyon nan pri konsomatè yo san yo pa pi sere kondisyon monetè a. Kontinye jere lajan likid ki depase atravè bon BRH la ak entèvansyon sou mache echanj etranje a pandan y ap kenbe sitiyasyon an nan sa k gen pou wè ak pousantaj enpòtan yo parapò avèk rezèv obligatwa yo.
Pou fini, Bank Repiblik D Ayiti mansyone sitiyasyon vyolans nèg ak zam yo ap fè yo, lakòz divès antrepriz revoke yon kantite moun ki t ap travay ak yo. Nan faktori yo, yo diminye nan yon pousantaj 45% sòti septanm 2023 pou rive mas 2024. Sa ki fè antotal 29 000 travayè pèdi travay yo yon sitiyasyon ki pa diferan pou anpil lòt antrepriz nan plizyè lòt sektè nan peyi a.
«Pwojeksyon ekonomik rete sou dout pou lòt mwa k ap vini yo» daprè estimasyon otorite monetè yo. Pandanstan, dirijan Bank Santral yo prevwa aktivite ekonomik yo ka reprann
si gen yon amelyorasyon nan sitiyasyon sekirite a, puiske yo di «sa ka ankouraje, sitou nan pwodiksyon an».
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024