Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société International

“Blende kanada vann Ayiti yo pa fèt pou konba, men pou transpòte twoup”, selon Harold Turnier

Mag Haiti by Mag Haiti
November 18, 2022
in International
0
“Blende kanada vann Ayiti yo pa fèt pou konba, men pou transpòte twoup”, selon Harold Turnier

Depi plis pase yon lane peyi Dayiti ap konnen yon nivo ensekirite tèt chaje. Pou konbat sitiyasyon sa ki vinn pi malouk dènye tan sa yo, gouvènman ayisyen an te kòmande plizyè machinn blennde nan men peyi kanada. Machinn sa yo te sipoze pèmèt polis nasyonal la konbat gwoup gang yo pi byen, men apre livrezon an finn fèt an Ayiti, anpil moun kòmanse kritike efikasite blennde yo. Nan plizyè operasyon PNH la gentan mennen, sa konn rive kawotchou machinn sa yo lòk oubyen anpàn. Nan yon bat bouch nou te fè avèk responsab Asosyasyon Espesyalize nan Fòmasyon pou Lapè ak Sekirite, Pwoteksyon Rapwoche ak Fòs Polis Entènasyonal (CPSOTA), Me. Harold Turnier. Konpayi CPSOTA se yon Asosyasyon ki fonde nan lane 1964, sou direksyon Georges J. Sylvain, nan peyi Kanada, patikilyèman nan vil pwovens yo. Yo la pou ofri sèvis avèk prive epi piblik.

Direktè a t ap ede nou konprann plis sou itilite ak enpòtans blende yo genyen. Epi, kisa ki lakoz echèk Lapolis atravè ekipman sa yo?

MH: Kisa ki yon machin blende vrèman?

HT: Se yon machin ki fèt avèk plizyè metal, vit li blende epi li la pou li pwoteje pèsonalite piblik ak prive. Men, chablende yo la pou mennen gwo konba kont bandi ak rebèl, elatriye.

MH: Eske w ka di nou nan ki dènyè nivo yon machin ka blende?

HT: Gen plizyè tip blende, gen sak blende nan nivo 1, 2, 3, 4, 5,6, 7, elatriye. Men, yo blende sou mezi moun nan vle li an oubyen konpayi an.

MH: Eske chablende k al Ayiti yo ka reponn ak nivo konba peyi a ap mennen kont bandi ki gen gwo zam lagè yo?

HT: Yo pa fèt pou konbat, men pou yo fèt pou transpòte twoup ak distans. Li pa angaje konba, puiske yo fè pati divès blende 3èm liy peyi Kanada voye bay Ayiti a, se konpayi INKAS ki baze “Toronto“, ki espesyalize nan blende transpò twoup ak transpòte valè machandiz. Men, Eske Ayiti te mennen ankèt sou tip blende konpayi ap vann li an? Se kliyan yo ki pou di sa espesyalman vle a.

MH: Nan ki pri yon chablende ka vann pou pi Piti?

HT: Pri yo varye, men yo ka vann nan entèval 242800$ ak 350000$ dola vèt kou pwawo. Sa Ayiti achte yo se bagay ki nan pri 170 000 dola pou rive 200000 dola vèt, ki mwens itilize.

MH: Eske yon chablende se youn nan pi bon eleman ki ka ede moun nan batay?

HT: Wi ! li se pami youn nan pi bon zouti konba yo.

MH: Nan ki nivo w ta ka blende yon machin pou w ta santi w an sekirite vre pou w mache san krent?

HT: Nan nivo 6 oubyen 7, men youn nan mwayen n ka jwenn yon sekirite, se lè peyi a plis pwoteje epi kondisyon moun yo amelyore.
Blende pa vrèman garanti sekirite lavi moun, paske nou p ap fè tout tan nou ladan li.

MH: Eske gen chofè espesyalize pou kondui Chablende ?

HT: Wi ! Fòk nou fòme sou blende pou nou ka itilize machin sa, men sak Ayiti yo se pa blende konba. Se yon machin kòm nenpòt machin, sa k al Ayiti yo ye.

MH: Kisa ki eksplike bandi yo ka kondui blende tou?

HT: Kòm mwen di n sa k al Ayiti yo se yon machin nòmal, sa yo se 6 vitès. Ayiti dwe achte chablende avèk chenn ak mwatye wou si li tonbe nan twou pou li ka fè bak epi pou volan yo pa tankou lòt yo.

MH: Eske li pa vrèman pi danje si li ta fè kolizyon ak lòt machin nan kad yon aksidan?

HT: Wi ! Lòt machin nan ap vrèman andomaje, pa bliye se yon machin avèk anpil tonn metal epi li sipoze anti dife. Paske, yon vrè machin blende pa pran dife konsa, konsa.

MH: Ki konsekans yon machin blende ka gen sou lavi moun oubyen sòlda? Si tout fwa li ta fè aksidan ak moun lan oubyen frape avèk yon lòt machin nan kad yon aksidan?

HT: Wi ! Akoz li se yon machin ak anpil metal, lòt machin ki pa blende a l ap kraze epi dife ap pi difisil pou li pran anndan blende a.

N ap raple peyi Kanada atravè konpayi INKAS te distribye premye kagezon chablende yo avèk Ayiti nan dat samdi 15 oktòb 2022 a, pou li te penmèt enstitisyon polisyè a ka mennen batay li yo epi fè entèvansyon pou tabli sekirite nan peyi a. Men, gen plizyè jou la y ap montre kèk chablende ki te kòmande tonbe anpann, presizeman nan kad operasyon pou debloke estokaj Tèminal vare a. Anplis, bandi nan kanaran te mete dife sou youn nan dat samdi 12 novanm 2022, ki sot pase la.

Nicolas Colson

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,420
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Djouno: l’artiste qui s’engage dans la reconstruction d’Haïti

Next Post

La chasse aux Haïtiens se poursuit en République Dominicaine

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
La République Dominicaine enregistre son premier cas de choléra

La chasse aux Haïtiens se poursuit en République Dominicaine

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,784)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,989)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,153)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,909)

Nouveaux Articles

  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la
  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?