Jounen jodi madi 23 Dawout 2022 a, koudapèl sòti òdonans pou mande kenbe Mèt Robinson Pierre-Louis, kòm prezime koupab nan dosye trafik enfliyans ak asosyasyon malfektè, elatriye. nan dat 22 Jiyè 2022. Selon yo menm arestasyon an legal.
“Se pa vre ditou, Mèt Robinson Pierre-Louis pa libere nan koudapèl Pòtoprens, selon enfòmasyon Batonyè Mèt Marie Suzie te pataje avèk redaksyon Mag Haïti’.
Mèt Marie Suzie te kontinye pou li ajoute : ” Mwen vrèman pa konprann desizyon ki sòti nan koudapèl la, kote li jije arestasyon an legal. Poutan, arestasyon sa gen vis pwosedi (Habeas corpus), kidonk, nou prè pou n ale jiskobou pou fè respekte Lalwa ak menm rive devan Tribinal entènasyonal nan kad dosye sa”.
Paralèlman, Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DPCJ) te arete avoka Robinson ki se Sekretè Jeneral Federasyon Bawo Dayiti (FBH), kòm prezime koupab nan kad liberasyon Fritz Jean Relus ak Jonas Georges, ki te arete pou trafik zam ak minisyon ilegal nan Pòdpè.
Mèt Reynold Georges ki se avoka Mèt Robinson Pierre-Louis, konteste desizyon Koudapèl la, paske li enfime liberasyon an. Poutan, pou mèt la se yon arestasyon ilegal. Koz, yo pa pran Mèt Robinson Pierre-Louis an flagran deli, li pase plis pase 48è nan prizon epi yo mande l pou li pote pyès nan jou jijman. Kidonk, mwen pa konprann ditou desizyon sa, nou gen pou devwa kontinye batay pou aplike Lalwa nan peyi a”.
Mèt Robinson Pierre-Louis toujou nan prizon nan Penitansye Nasyonal, kontrèman ak enfòmasyon ki te vle fè konnen Koudapèl sòti yon òdonans favorab pou liberasyon li.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022.
Discussion about this post