Bawo Senmak la anonse jodi 4 avril 2024 la, bandi Savyen yo rive touye 2 avoka aprè yo te fin kidnape yo ayè mèkredi 3 avril la. Nan yon nòt yo sòti nan sikonstans la, batonye Jean Louis ki nan tèt Bawo a fè konnen yo jwenn kò viktim yo nan zòn Wondo, yon lokalite nan komin Lyankou.
Me Jean Eddy Rousseau ak Me Richard Pauleus se non 2 avoka sa yo ki youn aprè lòt t ap travay nan bawo Senmak ak bawo Gonayiv la, responsab yo konfime nèg ak zam rive touye yo ayè mèkredi a. Selon sa a ki di nan kominike a, viktim yo jwenn lanmò yo kèk tan aprè yo te fin sibi zak kidnapin nan.
selon Le Nouvelliste, nan menm tan sa a menm endividi yo te rive kidnape tou 2 lòt moun ki te ak mèt yo. Men moun sa yo te jwenn liberasyon yo tousuit san bandi yo pa t rele fanmi pou mande lajan pou te lage yo.
«Yo egzekite 2 avoka sa yo mal nan zòn Wondo, alòske yo te nan wout pou vin Senmak nan kad egzèsis fonksyon yo», toujou daprè sa k mansyone yo pandan batonye Jean Louis ki siyen nòt la fè konprann zak malonèt sa a se ta yon zak ki te byen planifye kont 2 nonm lalwa yo.
Kon sa a, responsab yo nan Bawo a pwomèt y ap akonpanye fanmi viktim yo pou yo jwenn jistis. Paske yo di, fwa sa a zak ansasinay sa pa dwe rete san otè yo pa jwenn santans yo. Se sa k fè, yo mande pou avoka nan bawo a pa plede pou pyès sispèk ki ta arete nan dosye sa a.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024