Nan yon kominike Òganizasyon Rezo Nasyonal Defans ak Dwa Moun (RNDDH) mete deyò yè mèkredi 10 Avril 2024 la gen omwen 107 espas, kote n ka idantifye 3 Lopital, 2 tribinal, 19 pòs polis, bandi vòlò sa k ladan yo epi boule yo sòti mwa janvye pou rive mwa mas la.
Bandi ak zam pran divès espas nan larepiblik la kote yo pa sispann teworize popilasyon an sou tout fòm, tankou vòlè, touye, vyole epi mete dife. Sa ki lakoz yon milye moun oblije kite kapital la. Moun sa yo ale an pwovens oswa ale abite nan lekòl prive kou piblik osinon sou plas piblik. Gen anpil enstitisyon tou ki oblije pa louvri pòt yo pou anpeche yo viktim zak briganday anba men malfra sa yo.
Selon Òganizasyon dwa moun lan RNDDH gen anpil legliz ak lòt enstitisyon bandi boule pou sòti 18 janvye rive 31 janvye ki sot pase la. Nèg a zam ilegal sa yo mete dife nan Lopital Sent Trinite, Direksyon Nasyonal Dlo Pòtab (DINEPA) nan vil Tigwav, kote biwo li ak 2 machin enstitisyon an te rive boule nan manifestasyon. Bandi yo ta pral dechouke komisarya wanament lan tou.
Anplis pou sòti 29 fevriye pou rive mwa mas la, bandi te pran kontwòl riyèl Alèt nan Pòtoprens. Yo te kontwole espas Sant Edikasyon Espesyal Pou entegrasyon Tout Moun (CESIT), yon lekòl pou timoun nan kwadèmisyon. Yo pa t kanpe la puiske yo t al dechouke Fakilte Agwonomi ak Medsin veterinè ( FAMV) ak Ministè Agrikilti Resous Natirèl Epi Devlopman (MARNDR) ki menm kote nan zòn Damyen. Yo te Kontinye zak malonèt yo a lè yo t al vòlò epi kraze biwo Ofis Nasyonal pou Granmoun (ONA) nan zòn chada.
Bandi yo te kontinye dechouke ak boule espas toujou nan mwa mas la. Yo te rive mete dife nan divès lòt enstitisyon tankou komisarya Dèlma 3, Sun Auto, Sogebank ak Unibank nan kwadèboukè, komisarya kabarè, Mache Salomon, Lopital «Saint François de Sales», Lekòl Nasyonal Atizay (ENARTS), Lekòl Nòmal Siperyè, Bibliyotèk Nasyonal Ayiti a, lekòl «Collège Frère Nau), elatriye».
Finalman zak banditis sa yo lakoz anpil enstitisyon derefize louvri pòt yo. Nèg yo te menm defye leta lè yo te kase penitansye Nasyonal d Ayiti ak prizon Kwadèboukè a ki te lakoz gen anviwon 4500 prizonye ki sove nan dat 3 pou rive 4 mas ki sot pase a.
Ayiti ap viv yon sitiyasyon ensekirite ak enstabilite san parèy ki kreye gwo laperèz ak latwoublay nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023