Gwoup gang bandi ki rele Ti Makak la touye epi boule ansyen senatè Yvon Buissereth yè Samdi 06 dawout 2022 nan lannuit, presizeman nan zonn Laboul 12 (Petyonvil), selon plizyè sous medya.
Endividi sa yo te bloke machin lan epi mete dife ladan li. Sa ki ta pral lakoz Direktè antrepriz Pwomosyon Piblik Lojman Sosyal yo (EPPLS) te rive boule avèk yon lòt sitwayen nou poko ka idantifye.
Komisè gouvènman Pòtoprens lan Mèt Jacques Lafontant te konfime sa atravè medya anliy VBI.
N ap raple 6 janvye 2022, bandi te deja asasinen 2 Jounalis nan zonn Laboul 12, presizeman Wilgens Louissaint et Amady Jhon Wesley.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022