• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Wednesday, May 18, 2022
  • Login
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Opinion

Ayiti – Kilti: Silans Wendy Traka sonnen pimal pase bri bal

Franciyou Germain by Franciyou Germain
15 November 2021
in Opinion
0
Ayiti – Kilti: Silans Wendy Traka sonnen pimal pase bri bal
0
SHARES
381
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

Nan yon nouvo videyo Baky Popilè sòti jou 9 novanm ki sot pase a, ki rele “Mete Limyè Sou Mwen”, nou ka remake nan yon sekans atis la mete dife nan yon kouwònn, ki ta sanse reprezante yon kout toya sou ansyen zanmi l Wendy Traka, ki li menm toujou rele tèt li “King (Wa)”. Depi lè videyo sa finn pran lari, deblozay eklate sou tout rezo sosyal yo ant fanatik Wendy ak Baky. Zen an melanje, animatè kiltirèl yo ap fè ti dife volan pou alimante bòz la. Tout moun ap rale agiman, fè literati, yo finn tounen avoka nan defann pozisyon yo. Men chèf koze a ki se Wendy, pa janm rache yon mo, li rete an silans e se silans sa k ap toumante anpil moun.

Sa gen plis pase 4 lane, nou te konn remake Wendy nan baz ak kèk lòt rapè tankou Trouble Boy, Baky Popilè, Thelo epi Beatmaker MagicTouch. Mesye sa yo te konn pwodwi anpil bèl mizik ak videyo, pèfòme epi trip ansanm. Nou te konn ap swiv tou bèl relasyon amourez ant Wendy ak Shishie, kite reprezante yon egzanp bon jan lanmou pou jenès la. Men nan yon bat je tout relasyon sa yo fonn tankou bè, moun yo vinn dozado epi youn ap choute sou lòt sou rezo yo.

Atik sa pa fèt pou pale de ralasyon zanmitay atis yo, ni de maladi mental Wendy te genyen an, men se pito yon repons pou tout moun ki ta vle fè kwè Wendy pa regle anyen serye pou ane sa.

An nou konsantre nou sou ane 2021 an sèlman pou nou pa gaye. Aprè anpil deblozay politik, Wendy sòti yon premye videyo ki rele “Longue vie”, ki te fè anpil sansasyon pou epòk sa a paske anpil lòt atis pa t ap oze pran risk sa. Atis la te chwazi fè videyo sa nan yon dezè, kote tout moun yo te gen degizman seri popilè ki rele Casa Del Palpel la. Plis pase 2 800 000 moun gentan gade videyo sa sou Youtube.

3 mas 2021, Wendy lage yon lòt videyo ki rele “Sil pa nou li pa bon” ki gen plis pase 4 200 000 moun ki gade l sou Youtube. Anpil rapè te estomake, yo t ap plenyen anba anba sou rezo sosyal yo paske yo te konsidere mizik la tankou yon atak. Menm Fantom te pran nan gaz.

3 me 2021 an, Wendy sòti yon EP ki rele “Lvar Saison 1” ki gen 6 mizik sou li: Long vi, Saw panse, Bruce Lee, Lento, Sil pa nou li pa bon, ak yon Outro. Nan mwens pase 24 èd tan, albòm lan pran 12zyèm plas sou Itunes, epi nan demen li pran 2zyèm plas la sou menm platfòm lan kote se nouvo albòm Dj Khaled la kite an premye pozisyon.

Nan menm 3 me 2021 an, Wendy te sòti yon twazyèm videyo pou ane a ki rele “LENTO”, ki te fè 1 000 000 vizit nan 48 èd tan. Pou kounye a, videyo gen plis pase 6 800 000 moun ki gentan gade l.

Apre tout gwo reyisit sa yo, atis la ta pral pran anpil frap sou rezo yo pandan gran vakans lan, paske li te deside al fè yon konsè vityèl an kolaborasyon ak “Bigo Production”, ki se biznis Olivier Martelly pitit ansyen prezidan Michel Martelly. Kòm koze politik pa bò isit se tout tivis, Wendy te pran frap nan po tèt li epi li tou bay poze a.

Donk, agiman moun k ap di Wendy mouri nan game lan ane sa pa kenbe. Yon atis ki sòti yon EP ki gen 6 mizik, ak 3 videyo nan yon peryòd ki plen kriz politik paka fè pati de moun ki disparèt yo. Okontrè, menm si li pa reponn oubyen poko reponn Baky, fanatik li yo ap fè anpil bri pou li epi rekadre animatè ki anvi moute mal yo.

Sa pa yon sekrè pou pèsònn, Wendy Traka se youn nan rapè ki pi konplè e ki pi pwodiktif nan endistri mizikal la pou 10 dènye ane ki sot pase yo. Se vre li pa yon gwo pawolye tankou Blaze One, Blay-Z oubyen D-Fi, men Wendy se youn nan atis ki konprann piblik ayisyen an epi ki adapte l ak atant li san konplikasyon, san kase tèt.

An pasan, videyo Wendy te fè avèk Jeff Prosper a ki rele “M aprann”, kite sòti 17 jen 2018 lan, moun yo gentan gade li plis pase 15 000 000 fwa sou YouTube. Lòt videyo ki popilè ankò se “Paka Viv avèl – paka viv san li” gen plis pase 12 000 000 vizit sou Youtube. Li te sòti videyo sa ansanm ak ansyen mennaj li Shishie 9 mas ki sot pase a.

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2021

Comments

commentaires

Nombre de vues: 799
Share on Facebook Share
Share on Twitter Tweet
Share on Google Plus Share
Share on Pinterest Share
Share on Linkedin Share
Share on Whatsapp Share
Send email Mail
Share on Viber Share
Share on Sms Share
Share on Messenger Share
Previous Post

Assassinat de Pierre-Jean Marcellus, professeur de lycée à Christ Roi

Next Post

Arrestation de Samir Handal l’un des présumés assassins de Jovenel Moïse

Franciyou Germain

Franciyou Germain

Fondateur du Groupe Média MAGHAITI Fondateur de l'Association Haïtienne des Médias en Ligne Journaliste, photographe, graphiste, vidéaste, webmaster, gestionnaire, infopreneur

Next Post
Environ 4 000 migrants haïtiens déportés en seulement 9 jours par l’administration Biden

Arrestation de Samir Handal l'un des présumés assassins de Jovenel Moïse

Discussion about this post

Covid-19 en Haiti

Coronavirus
Covid-19
Haiti World
+0 (24h)
30,725
Confirmés
0
+0 (24h)
835
Morts
0
96.4%
29,619
Guéris
0
0.88%
271
Actifs
+740,363 (24h)
523,652,597
Confirmés
0
+1,124 (24h)
6,291,917
Morts
0
94.26%
493,581,572
Guéris
0
4.54%
23,779,108
Actifs

Articles populaires

  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • « Il est impossible d’éduquer un peuple dans une langue qu’il ne parle pas », dixit Michel DeGraff

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2021

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Une erreur de la DCPJ affecte gravement la vie du professeur Auriole Antoine

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Blondedy Ferdinand : accusée d’avoir volée la chanson de Karol G

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2019

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Nouveau rebondissement dans l’affaire Yves Jean-Bart

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • “Crisla” bandit notoire recherché par la Police à la tête d’une manifestation contre l’insécurité

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2020

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Suivez-nous

A propos

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haiti, Alolakay TV, T-check Haiti et de la compagnie Quiet Production. La société a pour mission de former et d’informer la population. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, nous avons pour objectif essentiel de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont il a besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Recent News

Le directeur de l’administration générale des douanes (AGD) interdit de rentrer aux Etats-Unis

Le directeur de l’administration générale des douanes (AGD) interdit de rentrer aux Etats-Unis

18 May 2022
Jean Yves le chanteur de Djakout #1 a été écarté du groupe

Jean Yves le chanteur de Djakout #1 a été écarté du groupe

17 May 2022
Haïti-Insécurité : Pernier, la nouvelle cible du gang de Vitelhomme

Haïti-Insécurité : Pernier, la nouvelle cible du gang de Vitelhomme

17 May 2022

RSS T-check Haiti

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert
  • Désintox : non, La Cour suprême des États-Unis n’a pas annulé la vaccination universelle
  • Désintox: pas de preuve pour certifier que Robert Harry Bretous est toujours vivant
  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2021

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2021

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
X
Share this
Subject:
Message:
Ajax loader
Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In
  • AMP
    • View AMP version