Nan kad 5yèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL), responsab yo te tanmen ayè madi 5 desanm 2023 a, lansman ofisyèl divès aktivite yo nan peyi Dayiti. Sòti 5 pou rive 10 desanm k ap vini la, fondatè FEL a ki se Anivens Jean Baptiste bay tout moun alawonbadè randevou nan lakou Pòtoprens, ak nan Lewogàn pou dewoulman tout aktivite ya genyen yo.
Pou 5yèm edisyon sila, Festival la ap fèt anba tèm “Pou yon kreyolofoni solid e solidè“, kote yo gen Dédé Dorcély(ayisyen), Grégory Rabess(Dominikè, Ladominik), ak Vye Ewòl(Ayisyen) kòm 3 envite donè. Pandan tout semèn aktivite sa an Ayiti, se plis pase yon karantèn otè, ekriven, powèt pwofesè, akademisyzen piblik la ap gen chans tande epi achete liv yo k ap gen pou disponib.
Pami otè sa yo nou jwenn yon latriye ekriven ayisyen ak antiyè tankou Frankétienne, Jan Mapou, Rogéda Dorcil, Marc Exavier, Ninia Bien-aimé, Romy Jean François, Nadège Delinois, Fabian Charles, Michelle Saint-Felix, Jean Domond, Malaba Pitit Plim, Ansky Hilaire, Manno Ejèn, Benzo, Gwo Moral Ayiti, Neno Garbers, Pascale Faustin pou n site sa yo sèlman.
Yon lòt kote nou jwenn plis pase yon dizèn peyi kreyolofòn ki enplike e ki ap selebre 5yèm edisyon sila ansanm ak nou. Konsa nou jwenn Ayiti k ap resevwa festival la, Matinik, Gwadloup, Senlisi, Ladominik, Giyàn, Sechèl, Trinidad ak Tobago, zile Moris, Lareyinyon, Luizyàn, Grenad, ak Sentoma.
Konferans, Powèm, teyat, terapi literè, echanj, kozri, ekspozisyon, vantsiyati, atelye, dans, rankont, omaj, kreyòlfiesta se pami divès aktivite k ap gen pou fèt nan pwogramasyon semèn nan. Annatandan lòt aktivite yo, ayè madi a, responsab festival la te pwofite onore 3 envite donè li yo yon fason senbolik kote yo te pèmèt 3 elèv lekòl nan laj diferan remèt plak sila yo ak powèt Vye Ewòl, Adeline Magloire Chancy ki se moun ki gen plis laj(92 lane) nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), ak Jean Dorcély Dédé ki se fondatè sosyete Koukouy an Ayiti.
N ap raple FEL se premye evènman literati Kreyòl nan Karayib la ak nan Oseyan Endyen an, e se yon festival ki la pou mete valè epi pèmèt lang kreyòl la rete djougan nan tout sosyete yo sitou avèk zèv literè yo, nan modèl levasyon ak jan yo valorize kesyon lakilti. FEL jwenn soutyen Òganizasyon Matinikèz pou Devlopman Atizay ak Lakilti (OMDAC) Fondasyon Maurice Sixto, Ministè lakilti ak kominikasyon(MCC), Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), ak Sosyete Koukouy.
Achille Marie Mika
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023