Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Avoka nan peyi Kenya deside bloke deplwayman polisye yo an Ayiti

Mag Haiti by Mag Haiti
May 17, 2024
in Politique
0
Avoka nan peyi Kenya deside bloke deplwayman polisye yo an Ayiti

Avoka Kenyan yo mande Kou Siperyè Lajistis nan peyi Kenya, jounen jodi vandredi 17 me 2024 la, pou bloke deplwayman ofisye Lapolis ki gen pou fèt nan dat 23 pou rive 26 me k ap vini la, selon sa a Reuters rapòte.

«Kou siperyè lajistis deklare vandredi a li te bay lòd pou responsab gouvènman an pran an kont pwosè a epi pran tout dispozisyon pou jij koute dosye a nan dat 12 jen k ap vini la», se sa a jounal Reuters ajoute.

Pandan tan sa a, Kou Siperyè Lajistis nan peyi Kenya te deside, nan mwa janvye ki sot pase a, polisye kenyan yo p ap kapab deplwaye an Ayiti san yon akò resipwosite ak gouvènman peyi k ap resevwa fòs miltinasyonal la.

N ap raple, nan mwa jiyè ki sot pase a, peyi Kenya te anonse l ap voye 1000 ajan lapolis pou vin ede peyi a fè fas ak yon kriz sekirite ki vin pi grav chak jou.

Paralèman prezidan Kenyan an, William Ruto, te siyen yon akò pou vin konbat ensekirite nan peyi d Ayiti nan mwa mas ki sot pase a ak Ariel Henry ki se ansyen premye minis defakto a. Yo te espere yo ta rive satisfè demann Kou Siperyè Lajistis la epi penmèt deplwayman an fèt.

Selon jounal la, avoka Ekuru Aukot ak Miruru Waweru k ap dirije yon pati nan opozisyon nan peyi Kenya ki gen pou non «Thirdway Alliance» te deklare nan aplikasyon yo nan Kou Siperyè Lajistis, jedi ki sot pase a, moun yo akize yo ki gen ladan yo Ruto ak Lapolis te dezobeyi lòd tribinal la lè yo te deside siyen akò resipwosite ak Ayiti.

«Avoka yo di gouvènman an ap fè yon erè grav si l kontinye ak koze deplwayman sa a», se sa a Reuters sinyale. Yo avanse pou di deplwayman an diskite deja e li ka fèt nenpòt ki lè. N ap soulinye, pòt pawòl Ruto a pa t reponn yo tousuit parapò ak tout sa yo t ap di yo.

Pou fini n ap raple, gouvènman Kenyan an te anonse, nan mwa mas ki sot pase a, li te sispann deplwayman an aprè demisyon premye minis Ariel Henry. Semèn pase a, kòmandan Sid militè ameriken an te fè konnen antreprenè sivil yo te rive an Ayiti pou fin prepare lojman pou fòs miltinasyonal k ap gen peyi Kenya, Jamayik, Bayamas, Babad, Benen, Tchad ak Bengladèch ladan l.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 480
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

1 543 Fanm ak tifi viktim vyolans seksis ak seksyèl nan kan refijye yo

Next Post

Sekirite : Etazini bay Lapolis an Ayiti 10 machin blennde

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Sekirite : Etazini bay Lapolis an Ayiti 10 machin blennde

Sekirite : Etazini bay Lapolis an Ayiti 10 machin blennde

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,843)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,768)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,814)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,661)

Nouveaux Articles

  • ULCC revele ansyen direktè OFATMA a te fè magouy pou zanmi politik li fè lajan nan leta
  • Stéphanie Désir, une personne à mobilité réduite arnaquée par un ancien membre du BSEIPH
  • ULCC mande lajistis mare Renan Hédouville ak 6 akolit li nan OPC

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?