• Acceuil
  • Log
  • Login
Upgrade
Mag Haiti
Advertisement
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Contact
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Ariel Henry pwomèt li pral bay moun lajan sou telefòn epi mete travay nan peyi an

La rédaction by La rédaction
2 May 2023
in Politique
0
Ariel Henry pwomèt li pral bay moun lajan sou telefòn epi mete travay nan peyi an

Nan yon entèvyou li anrejistre pandan jounen 1e me 2023 a, premye minis defakto a Ariel Henry te pwofite fè plizyè pwomès avèk nasyon an, sitou avèk paran elèv lekòl yo, ouvriye faktori yo epi transpò piblik la.

«Se gras avèk ogmantasyon resèt yo leta rive konplete lajan Fon Monetè Entènasyonal (FMI) bay pou pwogram «Good Shock rundo» ki pral pote yon soulajman dirèk avèk 8000 fanmi pou resevwa dirèk sou telefòn yo yon ti tchotcho an 2 oubyen 3 vèsman ant jodia pou rive septanm 2023», selon deklarasyon chèf Primati an ki fè konnen sa ap konsène anviwon 500 mil paran elèv lekòl ki vilnerab, 60 mil anviwon ki nan faktori epi 100 mil nan transpò piblik la.

Nan jounen fèt agrikilti ak travay la, premye minis Ariel Henry avèti popilasyon an kèk travay li pral mete an fonksyon pou penmèt yo ka rale yon souf avèk lamizè a, tankou «netwaye kanal, kire sistèm irigasyon, travay pwoteksyon basen Vensan, elatriye», toujou nan kad entèvyou sila.

Sou lòtbò a popilasyon an pa sispann mache kontre bandi nan katye popilè yo, ansanm avèk Lapolis avèk slogan « Bwa Kale» a, kote yo vle arete oswa masakre yo akoz tout krim yo fè.

«Ayiti chwazi demokrasi, ensekirite n ap viv la revòltan, pèp la bezwen reprann aktivite li, nou konprann nou bouke. Men, pa kite move plan fè nou fè jwèt bosal. Tèt frèt, tankou sa fèt nan vil Okap la, kote lapolis ak pèp la mare tout bandi pou remèt bay lajistis», selon sa chèf Primati a di.

Pou kesyon ensekirite a, Premye minis la te mansyone demach l ap fè.
«Gouvènman an janm te pwomèt nou an ap travay avèk tout patnè lokal kou entènasyonal pou nou tabli sekirite nan peyi an. Vle pa vle ak wè pa wè sa gen pou fèt».

Anplis, premye minis lan kontinye pou li di «M ap mande tout konpatriyòt nou pou yo rete tèt frèt, mwen konprann kòlè yo, mwen konprann yo ta renmen fini avèk ensekirite a. Se pou sa m ap mande tout moun kontinye kolabore avèk Lapolis, kontinye bay enfòmasyon sou tout moun ki sispèk nan zòn lakay yo.»

Popilasyon an nan pwovens kou kapital, pran responsabilite yo an men pou kwape malfra k ap simen latwoublay nan peyi an pandan plizyè ane. Yo mete barikad tout lannuit epi mache chache nèg ak zam.

«Akoz ensekirite nou pèdi anpil travay, anpil moun pati kite peyi a, avèk ensekirite sila pèsonn etranje pa vin envesti nan peyi an pou kreye yon kantite travay», selon Ariel Henry.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 172
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Ayiti pèdi franchiz ki te konn pèmèt li patisipe nan konkou MISS Univers la

Next Post

Omwen 7 prezime bandi mouri anba kout manchèt popilasyon an nan komin Petyonvil

La rédaction

La rédaction

Next Post
Selon DMSF sanksyon kanada pran kont pèsonalite ayisyen yo ilegal

Omwen 7 prezime bandi mouri anba kout manchèt popilasyon an nan komin Petyonvil

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (67,161)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (36,148)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (28,269)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (27,063)

Nouveaux Articles

  • La Grenadière Kethna Louis rejoint le club Montpellier Hérault SC en France
  • Une étudiante haïtienne décède dans un accident de voiture en République Dominicaine
  • Sérard Gasius poursuivi en justice pour avoir libéré un présumé chef de gang

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Contact

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In