Aprè non moun k ap gen pou fè pati gouvènman ki genyen doktè Garry Conille nan tèt li a te fin rann piblik, ebyen se jounen madi 11 jen 2024, arete ki nome moun sa yo kòm minis ki pral gen pou pran desizyon pou peyi a, pibliye nan «Le moniteur», jounal ofisyèl peyi a.
Garry Conille nome Premye minis epi minis enteryè ak kolektivite teritoryal. Yon lòt kote, Dominique Dupuy ki nome minis zafè etranjè, Ketleen Florestal li menm nome minis Ekonomi ak Planifikasyon. kidonk l ap genyen 2 fèy wout nan men l.
James Monazard k ap gen pou dirije 2 ministè tou, nome minis Komès ak Touris. Georges Wilbert Franck nome minis zafè sosyal, Jean Marie Berthier Antoine ki li menm nome minis Defans epi Georges Fils Brignol nome minis Sante piblik.
Pou fini, Antoine Augustin k ap genyen pou l dirije 2 ministè nome minis Edikasyon nasyonal ak minis Lakilti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024