Biwo Lit Kont Trafik Estipefyan sou Direksyon Santral Polis Jidisyè (BLTS & DCPJ ) te rive entèpele Lovenie Louis Jean yè jedi a sou wout aryopò a nan kad ankèt ki louvri sou koze zam ak minisyon ilegal ki te sezi nan Ladwann Pòtoprens 14 jiyè 2022 sou non legliz Episkopal la.
Yon lòt fwa Lapolis arete yon moun nan dosye zam ak minisyon ilegal ki te vini sou non legliz Episkopal la nan semenn dènyè a. Sa ki te lage legliz la nan yon veritab eskandal piblik jounen jodia.
“DCPJ” t ap chèche aktivman Lovenie Louis Jean pou enplikasyon li kòm prezime trafikan nan dosye sa, Lapolis t al arete li nan espas travay li ki sou wout aryopò a.
Nan yon nòt ki rann piblik, Lapolis enfòme li entèpele deja 2 endividi nan kad dosye sa, presizeman Madanm Gina J.L Rolls ak Lovenie Louis Jean nan kad ankèt atravè dosye sa.
N ap raple te gen anviwon 22 zam, 19 fizi aso, 140 chajè zam diferan kalib epi 14 mil 600 katouch te dekouvri nan kontenè sou non legliz Episkopal la parapò ak obsèvasyon Ladwann Pòtoprens lan ak Lapolis.
Anplis, gen 50 mil biyè dola Ameriken ki gentan konfiske nan kad fouy Lapolis ap mennen deja, anplis lajistis kontinye ap mande ak “INTERPOL” pou li arete lòt 2 prezime sispè nan kad dosye sa ki nan peyi Etazini.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022