Yè jedi 21 Jiyè 2022, atravè kont “Instagram” li, antrenè Wim Fissette anonse li mete yon bout ak kolaborasyon li avèk jwè tenis Ayisyen-japonè a Nahomi Osaka.
Aprè plis pase 2 lane travay ansanm, Nahomi Osaka ak Wim Fissette deside finalman pa kolabore ankò.
Antrenè 42 lane ki gen nasyonalite Bèj la, se yon veritab abitye nan antrene sipèsta chanpyon nan tenis lan deja, tankou Victoria Azarenka, Angelique Kerber epi Simona Halep.
Antrenè Wim Fissette te deklare : ‘’Se te yon privilèj pou m antrene Nahomi Osaka depi 2019 epi wè li devni yon chanpyon jounen jodia. Anplis, mwen swete l meyè jwè fanm li vle a. Dezòmè, mwen pral konsakre m pou yon pwochen chapit nan lavi m”.
N ap note pandan travay yo ansanm, Wim Fissette avèk Nahomi Osaka tenis fanm 24 an, li te rive ranpòte “2 Grand Chelem US Open 2022 et Open d’Australie 2021″.
Crédit photo: Tennis World ES
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022