Plizyè ajans vwayaj nan peyi a pa sispann pwomèt kliyan viza dominiken, malgre konsila ak anbasad Repiblik Dominiken an fèmen pòt yo an Ayiti. Nan yon atik jounal Listín Diario pibliye jodi madi 29 novanm lan, yo rive site 6 nan ajans sa yo ki toujou ap vann viza dominiken tèt nèg.
Haideal Travel Agency, Catalina Multi Services, Hugo Agence de voyage, Josh Agency and Services se pami antrepriz sa yo ki nan peyi a. Ajans sa yo kontinye ap vann viza dominiken, malgre ògann konsilè yo ak anbasad Repiblik Dominiken nan pòtoprens fèmen pòt yo depi 15 septanm 2022 a, akòz kriz ensekirite a.
Nan yon lòtbò, malgre yo kontinye ap bay sèvis, yo oblije pran randevou nan sousi pou remèt viza yo nan yon tan byen kout. “Vin depoze paspò ou pou w ka gen viza w nan 2yèm semenn mwa desanm lan”, se sa Hugo Ajans vwayaj te pibliye sou rezo sosyal yo, daprè Listín Diario ki mansyone tou si tout fwa yon moun ta vle achte yon viza dominiken li ta dwe jwenn li sou yon mwa oubyen 2 mwa akòz rate ki genyen pou ajans yo fè demach yo.
Nan menm sans sa tou, antrepriz sa yo pa janm rate yon okazyon pou pwopoze popilasyon an “viza dominiken” ki son w produi ra epi ki chè anpil. Sou tout rezo yo se sèl biznis ki pa manke, gen sila ki vann li 575 dola Ameriken menm jan ak Haideal Travel Agency, konsa gen lòt ki vann li nan pri 600 dola ameriken.
Poutan, daprè previzyon kèk moun ki nan domenn lan, yo deja panse pou mwa desanm lan rive nan lane 2023 pri viza dominiken an ka pase nan 800 dola ameriken si li toujou difisil pou jwenn nan sektè a, toujou daprè ankèt jounal dominiken an mennen nan tèt kole ak jounalis ayisyen, Milo Milford.
N ap raple pri ministè zafè etranjè dominiken an fikse pou yon moun ta sipoze achte yon viza dominiken pou timoun se 175 dola epi pou granmoun se 225 dola Ameriken.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022