• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Friday, February 10, 2023
  • Login
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Ajan imigrasyon yo arete moun yo vle pa rapò ak koulè po yo, daprè yon Ayisyen

La rédaction by La rédaction
24 December 2022
in Société
0
Les agents de l’immigration dominicaine déportent aussi des Haïtiens réguliers
0
SHARES
108
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

Yon fotograf Ayisyen ki pote non Josué Azor akize ajan imigrasyon dominiken yo, y ap arete moun sou koulè po yo. Daprè li menm se Yon zak rasis otorite sila yo ap fè sou Ayisyen yo, pandan yo inyore kiyes nan yo ki regilye nan moman y ap arete yo a.

“Polisye yo ranmase jèn gason yo san okenn prèv, kote yo chwazi yo pa rapò ak koulè po yo“, se sa Josué deklare bay AFP aprè li menm te fin viktim nan youn nan operasyon depòtasyon otorite dominiken yo tabli nan peyi vwazen an depi kèk mwa, malgre li se yon sitwayen regilye.

Daprè enfòmasyon jounal Diario Libre rapòte sou jèn fotograf Ayisyen sa a, nan moman polisye dominiken yo te arete l la, li te gen tout dokiman ki pèmèt yon moun ka sikile byen nan Sendomeng. Jounal la soulinye tou, “Josué Azor vwayaje pou rezon pwofesyonèl, paske li ap travay ak zanmi dominiken l yo sou yon fim animasyon”.

Daprè temwanyaj jèn gason an, malgre tout papye l te kòrèk, ajan imigrasyon yo pa te okipe yo sou sa, yo te refize verifye papye li yo, sa ki te pèmèt li pase plizyè tan nan prizon menm kote ak 12 lòt konpatriyòt Ayisyen.

“Li te rete pandan plizyè tan, se jouk aprè kèk militan dominiken fin rive, yo te vini aprè youn nan zanmi l yo te rele yo, li te vin gen otorizasyon pou l pwouve li se yon sitwayen regilye”, toujou daprè sa jounal dominiken an ekri.

Pandantan sa, malgre Gwoup Api Rapatriye yo ak Refijye yo(GARR) ak tout depatman deta ameriken an t ap denonse nan jou pase yo move tretman moun po nwa yo ap sibi nan Repiblik Dominiken, otorite responsab yo te deklare se manti, yo te konsidere jijman sa yo tankou mo ki mal fonde, ki pa te gen anyen pou wè ak reyalite a.

Kontrèman ak mo otorite dominiken yo, temwanyaj Josué Azor la ak ajisman kèk sitwayen dominiken po nwa sou rezo sosyal yo, presizeman sou Tik tok sanble pi byen dekri reyalite rasis ki genyen lòtbò fwontyè a ak konfime tou dwa moun pa respekte nan pwosesis depòtasyon dominiken yo kont Ayisyen yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 545
Share on Facebook Share
Share on Twitter Tweet
Share on Google Plus Share
Share on Pinterest Share
Share on Linkedin Share
Share on Whatsapp Share
Send email Mail
Share on Viber Share
Share on Sms Share
Share on Messenger Share
Previous Post

L’illustre historienne Odette Roy Fombrun s’est éteinte ce vendredi 23 décembre

Next Post

Carina JEAN pulvérise les stéréotypes avec 20 ans de carrière dans la mécanique

La rédaction

La rédaction

Next Post
Carina JEAN pulvérise les stéréotypes avec 20 ans de carrière dans la mécanique

Carina JEAN pulvérise les stéréotypes avec 20 ans de carrière dans la mécanique

Discussion about this post

Covid-19 en Haiti

Coronavirus
Covid-19
Haiti World
+0 (24h)
34,076
Confirmés
0
+0 (24h)
860
Morts
0
96.94%
33,033
Guéris
0
0.54%
183
Actifs
+51,774 (24h)
676,891,932
Confirmés
0
+175 (24h)
6,776,441
Morts
0
95.95%
649,464,183
Guéris
0
3.05%
20,651,308
Actifs

Articles populaires

  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • « Il est impossible d’éduquer un peuple dans une langue qu’il ne parle pas », dixit Michel DeGraff

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2021

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Une erreur de la DCPJ affecte gravement la vie du professeur Auriole Antoine

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Blondedy Ferdinand : accusée d’avoir volée la chanson de Karol G

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2019

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Suivez-nous

A propos

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production. La société a pour mission de former et d’informer la population. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, nous avons pour objectif essentiel de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Recent News

Le moteur de recherche Google a rendu un hommage à l’haïtiano-américaine Mama Cax

Le moteur de recherche Google a rendu un hommage à l’haïtiano-américaine Mama Cax

9 February 2023
Le Haut-commissaire des Nations Unies aux droits de l’homme Volker Türk a rendu visite à Ariel Henry

Le Haut-commissaire des Nations Unies aux droits de l’homme Volker Türk a rendu visite à Ariel Henry

9 February 2023
Le directeur du Service de l’immigration et l’émigration de Saint-Marc kidnappé à L’Estère

Le directeur du Service de l’immigration et l’émigration de Saint-Marc kidnappé à L’Estère

9 February 2023

RSS T-check Haiti

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert
  • Désintox : non, La Cour suprême des États-Unis n’a pas annulé la vaccination universelle
  • Désintox: pas de preuve pour certifier que Robert Harry Bretous est toujours vivant
  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2022

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2022

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
X
Share this
Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In