Nan lide pou respekte dekrè 668-22 prezidan Luis Abinader te tabli nan mwa novanm pase a, ayè jedi 5 janvye 2023 a, kèk ajan imigrasyon te tabli baz yo nan Pak Enriquillo, nan kapital Repiblik Dominiken pou arete tout migran ki san papye nan peyi yo a.
Daprè jounal Listín Diario, kèk sòlda dominiken te pran plas byen bonè nan jedi maten, pou yo te kontinye depòte migran iregilye yo.
“Yo te pase verifye tout wout ki mennen nan pak la. Otorite yo te kenbe san reflechi tout etranje ki t ap mache, epi menm sila ki t ap vwayaje nan machin yo“, selon enfòmasyon jounal la bay san okenn lòt presizyon sou konbyen moun ajan imigrasyon te arete yo.
Nan menm sans sa, jounal dominiken an fè konnen toujou gen kè sote bò kote ayisyen yo lè gen kalte operasyon depòtasyon sa yo. Yo eksplike migran Ayisyen yo te al fèmen kò yo depi aprè yo te finn wè ajan yo kòmanse pran kontwòl zòn bò pak la.
N ap raple pou kounya a, poko gen okenn chif ki disponib sou konbyen konpatriyòt Ayisyen yo voye tounen Ayiti sòti desanm ane 2022 a pou rive jounen jodi 6 janvye a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023