Nan yon nòt piblik Administration Jeneral ladwann (AGD) mete deyò jounen jodi vandredi 30 jen 2023 a, li anonse li fèmen pòt li nan kad reparasyon l ap fè nan operasyon ekonomik ak pèsonèl dwanye yo anndan Systèm Dwanye Otomatize (SYDONIA) a, pandan 24è tan jiska 1e Jiyè 2023.
«Fèmen an nesesè pou penmèt yo fè kèk amelyorasyon ak ajisteman nan lide pou asire bon fonksyonman sistèm nan pandan lontan», selon AGD nan nòt sila.
Anplis, Administrasyon Jeneral Ladwann fè konnen l ap kontinye angaje l epi travay byen rapid ak efikasite nan fason pou l penmèt fèmen an fèt nan yon tan byen kout, puiske nou konn enpòtans SYDONIA pou aktivite operasyon ekonomik ak pèsonèl dwanye yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023