Fas ak aksyon kèk ajan polifwont te fè kote yo kraze yon mache kontrebann dominiken tou pre fwontyè a, prezidan Luis Abinader estime jodi madi 5 desanm 2023 a, se yon pwovokasyon e l deklare y ap prepare yo an konsekans pou yo aji fas ak tout sitiyasyon ki ta prezante. Se pou sa, li fè konnen selon Listín Diario, lame yo a gen ase moun ak materyèl pou pwoteje fwontyè yo a.
“Nou pral sere boulon n pou n aji nan tout sitiyasyon ki ap gen pou prezante nan rejyon an. Nou gen pwotokòl nou, se sa k fè depi lè a lame a deplwaye. M ka di anplis miray n ap fè a, nou gen ase manm lame ki gen machinn blende pou pwoteje fwontyè dominikèn nan”, se sa chèf gouvènman dominiken an deklare.
Pi lwen, li fè konnen zak ajan polifwont ayisyen yo te fè dimanch pase a, se ta kèk Ayisyen ki gen gwo otorite nan zòn nan ki lakòz yon fason pou pwovoke yo. Nan sans sa, li anonse gouvènman li a nan tèt kole ak ministè zafè etranjè dominiken an, deja fè sòti yon plent nan yon nòt diplomatik, pou voye bay otorite ayisyen yo.
N ap raple depi dimanch aprè ajan polifwont yo te kraze mache kontrebann sa epi voye jete machandiz yo, gouvènman dominiken an te tou pwofite mete plis sòlda nan zòn Dajabón nan. Alòske majistra Santiago Riverón Arias, li menm nan bò pa l entèdi depi ayè lendi 4 desanm nan, pou okenn machann legim ayisyen pa vinn vann nan mache legim yo a, osnon li pase lòd pou dominiken yo kouri dèyè yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023