Ministè sante piblik ak popilasyon( MSPP) anonse gen 45 moun ki mouri anba kolera ak 220 moun yo konfime ki trape epidemi an. Anplis, gen 2118 moun yo sispèk ki trape viris koléra ak 1529 moun ki entène ak siy kolera a.
Pami 50 moun ki deja mouri anba kolera yo, Ministè a fè konnen gen 30 nan yo ki mouri nan sant sante yo epi lòt 15 yo mouri lakay yo. Tout chif sa yo sòti nan bilan pou premye ak 25 oktòb pou ane 2022.
Pou kontrekare ak maladi kolera a ministè a ankouraje pèp ayisyen an pou lave men yo tanzantan epi bwè dlo trete. Si yon moun bezwen konnen plis enfòmasyon sou maladi kolera, MSPP mete sou pye yon liy vèt #2020 ki gratis.
Timoun yo sanble pi andaje fas ak kolera paske enfòmasyon plizyè òganizasyon entènasyonal tankou UNICEF, ONU pibliye montre aklè kòman timoun yo sitou sa ki pa byen nouri yo pi vilnerab fas ak maladi kolera a.
Ulrika Richarson ki se yon nan pi gwo responsab Nasyonzini nan Peyi Dayiti fè konnen bò kote pal, denyè jou sa yo gen yon ogmantasyon nan ka kolera yo ki enkyetan . Anplis, nan vizit li fè nan sant kote yap trete moun ki gen kolera yo gen timoun kite difisil pou pran yon pèfizyon nan bra yo oswa janm yo tèlman yo mal nouri.
Daprè Nasyonzini timoun ki pa byen nouri yo gen 3 fwa plis risk pou mouri anba kolera. Padan tan sa a Bruno Maes ki se reprezantan UNICEF nan peyi Dayiti fè konnen bò kote pal sou chak 3 moun ki soufri ak kolera gen yonn ki genyen pi piti pase 5 lane. Nan Site Solèy kote yo te jwenn premye ka kolera a gen jiska 8000 timoun ki poko gen 5 ane ki gen risk pou mouri ak malnitrisyon e sitou ak kolera.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022